The Early Childhood Initiative Foundation - TeachMoreLoveMore.org
Florida's Voluntary Universal Prekindergarten Program
UPK In Florida
UPK In Florida
Common Sense
 
Answers for parents of a child with special needs
Enfómasyon sou nou
 

Overview | The Early Childhood Initiative Foundation | The Teach More/Love More hotline | Dave Lawrence Bio | Press/Media | The Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe | Miami-Dade Family Learning Partnership | The Children's Trust

Misyon nou
Misyon nou se pou nou asire nou tout timoun nan Miami-Dade County jwenn atansyon kominote a, angajman ak resous kominote a. Kon sa, yo kapab devlope kapasite yo onivo entelektyèl, onivo emosyonèl, onivo sosyal ak onivo fizik. Sa ap pèmèt yo pare pou y aprann, sa ap pèmèt yo anvi aprann letan pou yo kòmanse al lekòl.

Jan nou koumanse:

Miami-Dade se pi gwo depatman jewografi nan eta Florid la; li pi gwo tou pase 16 lòt eta, li gen 2.4 milyon moun. Nan koze preparasyon timoun pou lekòl, se li k ap devni yon modèl pou bay egzanp bon kalite preparasyon pou rès peyi a suiv. Dapre estatistik, Miami-Dade se zòn ki pi divèsifye nan Etazini. (60% moun k ap viv nan Miami-Dade yo se panyòl, 22% se moun nwa, 18% se blan ki pa panyòl; epi tou plis pase mwatye moun sa yo fèt nan lòt peyi). A tout Miami-Dade gen anpil richès, se li ki genyen plis moun ki pa gen metye, ki pa fè anpil etid epi tou se li ki pi pòv pase tout lòt kote nan peyi a.

An Janvye 1999, yo te koumanse yon jefò nan tout kominote a an favè tout timoun nan kominote a depi nan vant rive laj 5 an.

Òganizatè prensipal la se te David Lawrence Jr., prezidan fondasyon yo rele: “The Early Childhood Initiative Foundation.” Li te yon lidè òganizasyon sa yo: The The Children's Trust (FON POU TIMOUN YO), Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe ak Florida Partnership for School Readiness, ki se komite gouvènè a chwazi pou responsab travay sa a nan tout eta a. Se li tou ki pote tit "University Scholar for Early Childhood Development and Readiness" nan “University of Florida. Early Childhood Initiative Foundation” resevwa lajan nan men de fanmi lokal ki renmen bay epi ki renmen kominote yo. Fanmi sa yo se Doktè Jane ak Jerry Katcher, Jan ak Daniel Lewis. Moun sa yo kwè de twa premye ane anfans timoun yo gen yon enpòtans espesyal pou avni timoun yo ak avni kominote a.

Men gwo patnè nou yo: yon pwogram “United Way” ki rele “Success By 6” (REYISIT ANVAN LAJ 6 AN), “Healthy Start Coalition” (KOALISYON POU YON KÒMANSMAN AN SANTE) ki konsantre sou sante tibebe ak manman yo, “The Children's Trust” ak “Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe”. N ap jwenn sit patnè sa yo nan sit entènèt sa a: Miami-Dade Family Learning Partnership (ASOSYASYON MIAMI-DADE POU APRANTISAJ LAFANMI), yon rezo moun k ap ofri alfabetizasyon lafanmi ki konsantre sou fòmasyon paran. Se “Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe” (Òganizasyon Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe), youn pami 50 lòt kowalisyon parèy li nan eta Florid la, ki sipèvize tout gadri ki resevwa èd lajan nan Miami-Dade; ki rive jiska apeprè 30,000 timoun.

Men sou ki sa nou travay:

Nou chache moute yon mouvman ki anglobe tout timoun, tout fanmi. Sa se pa bagay ki konsène “pitit lòt moun”, men li konsène “pitit tout moun”. N ap travay sou diferan domèn, tankou:

  • Bon kalite gadri pou tout moun: Lè nou te koumanse jefò sa a, te gen 17 gadri akredite nan Miami-Dade yo rekonèt nan tout peyi a. (Yon gadri akredite lè otorite yo rekonèt li reponn tout kondisyon yon gadri bon kalite. Akreditasyon sa a [ann anglè “Accreditation”], fè paran ak kliyan yo konnen yon sant gadri an patikilye montre li gen bon kalite epi tou li estimile anviwònman an pou timoun yo.) Jodi a gen plis pase 335 sant gadri akredite nan kominote sa a. Nou gen anpil travay pou nou fè toujou, men nou deja fè gwo pwogrè nan prepare bon jan kalite gadri ki pou ede plis timoun reyisi.
  • Pèmèt bon kalite esperyans preskolè kapab disponib, san li pa obligatwa, pou tout timoun 4 an nan eta Florid la. Avèk motivasyon Majistra Penelas ak Dave Lawrence, elektè yo nan eta Florid la te vote an novanm ki sot pase la a yon amannman konstitisyon an ki pral pèmèt sa fèt; kit se nan sant piblik oswa nan sant prive. Sa dwe koumanse nan ane eskolè 2005 lan. Pou kounye a, sèl lòt Eta ki gen lwa sa a nèt: se Eta Georgia.
  • Bon kalite devlopman kapasite paran. Nou kwè preparasyon timoun pou lekòl pa kapab fèt san nou pa asosye nou avèk paran yo ak tout respè. Pandan nou apiye sou “kowalisyon ki la pou enstwi paran” ki la deja, nou parèt ak yon plan estratejik ki pèmèt nou fòme “Family Learning Partnership” (PATENARYA APRANTISAJ FANMI). Sa konsantre sou fanmi ki gen timoun piti epi tou l ap travay sou 3 domèn pou enstwi paran: (1) Wòl paran yo kòm pwofesè, (2) kapasite pou timoun yo kapab li bonè, (3) alfabetizasyon granmoun.
  • Nou panse tout timoun gen dwa, nan yon sosyete ki jis epi ki gen anpil konesans, pou yo “jwenn yon kote pou trete yo” – sa vle di, bon kalite swen sante pou chak timoun nan chak fanmi. Sa vle di, nan Miami-Dade, 50,000 timoun ki fèk fèt rive sou 5 an pa gen okenn asirans maladi. Gwoup majistra a fèk fòme pou travay sou afè sante pou timoun nan “Health Care Access Task Force” pral fè plizyè mil timoun pami timoun sa yo jwenn asirans maladi ak tout fanmi yo.
  • Nou kwè, nan yon sosyete ki gen onètete ak sajès, se dwa chak timoun pou yo viv “nan kay kote yo okipe afè sante yo depre" sa vle di: bon kalite swen medikal pou chak timoun ak chak fanmi. An reyalite, Miami-Dade gen 50.000 timoun ki depi yo fèk fèt jiskake yo gen 5 an yo pa gen asirans maladi.
  • "Vizit lakay." Lè nou gade ann aryè prèske 40 an nan peyi a, gen anpil prèv ki montre valè bon kalite pwofesyonèl (swa yon mis, yon travayè sosyal) oswa parapwofesyonèl ki ale vizite moun ki pral gen pitit. Yo swiv moun sa yo nan lopital epi tou pandan de twa premye ane timoun nan tou. Rechèch la montre klè bagay sa a bay pi bon rezilta pou manman an ak pitit la ansanm; sa pèmèt tou gen plis ane ki pase avan moun yo fè lòt timoun. Kounye a, se sèlman kèk santèn fanmi ki kapab jwenn sèvis sa a nan peyi nou an.
  • Nou kwè anpil nan rezilta. Sa vle di, nou dwe fè bon jan pwogrè ki bay rezilta moun kapab mezire a klè. Kounye a, akòz lwa 1999 la sou preparasyon timoun pou lekòl, chak timoun k ap antre nan jadendanfan pran yon egzamen pou mezire kapasite yo pou yo aprann. Egzamen sa a bay pwofesè ak paran bon jan enfòmasyon pou ede timoun nan bouche twou vid yo. Nou fèk fini yon pwojè pilòt avèk 9.000 timoun 4 an, kote nou ba yo yon egzamen pou mezire kapasite yo pou yo aprann, youn pou mezire devlopman sosyal ak emosyonèl yo nan kòmansman epi nan fen “ane eskolè” a – nou fè jefò pou bouche twou vid yo. Nan ane k ap vini an, nou pral fè yon pwojè menm jan an avèk timoun 3 an; met sou sa, yon lòt ekip ap travay pou jwenn pi bon egzamen pou mezire devlopman sosyal ak emosyonèl pou timoun piti ak tibebe k ap aprann mache. Rechèch la klè: plis ou dekouvri pwoblèm yo pi bonè, ou gen pi bon chans pou bouche twou vid yo.

Ba yo plis konesans/renmen yo plis:

Anplis tout lòt bagay li deja ye yo, “Teach More/Love More” a se yon kanpay ki sèvi ak plizyè mwayen kominikasyon pou enfòme piblik la. Li resevwa fon nan men 2 òganizasyon sa yo: “The Early Childhood Initiative Foundation” ak “United Way Success By 6”. Kanpay la pa sèlman avèti paran yo sou konsekans yo lè yo pa prepare timoun nou yo-- tout timoun nou yo-- pou lekòl ak reyisit nan lavi a, men li ofri yo tou solisyon pou leve defi tout paran yo gen devan yo.

An Septanm 2001, nou te lanse yon gwo kanpay ki dire 1 an pou enfòme piblik la sou sijè sa a. Kanpay sa a te sèvi plis ak radyo, jounal ak lòt materyèl (ansanm ak sit entènèt sa a); li te konsantre plis sou paran ak moun k ap bay timoun swen. Moun sa yo te kapab rele (ann angle, panyòl oswa kreyòl) menpòt lè lajounen oswa lannuit pou mande enfòmasyon tankou: “Pitit mwen an fè 2 a 3 èdtan ap kriye, ki sa m ta dwe fè?" oswa "Kouman pou m jwenn bon jan gadri ki pa depase mwayen mwen pou pitit mwen?" Gouvènè Jeb Bush, ki te pran lapawòl nan seremoni pou lanse kanpay sa a pou enfòme piblik la, gen yon gwo pasyon pou timoun kapab devlope kapasite pou yo aprann li bonè. Se poutèt sa li te fè yon bagay ki sanble ak kanpay sa a nan tout lopital ki gen matènite ak nan tout bibliyotèk ki nan Eta Florid la.

Nou te asosye nou avèk 13 lopital ki gen matènite, 19 sant matènite, ak 39 bibliyotèk kominotè. Jodi a chak nouvo manman nan kominote nou an resevwa egzanplè yon bilten ki parèt 11 fwa pa ane sou devlopman kapasite paran, enfòmasyon sou fason pou mete timoun nan sou yon asirans sante, yon bon liv ki gen yon mesaj sou enpòtans pou paran yo li bay timoun yo depi pandan premye mwa yo, yon kat bibliyotèk tanporè manman an ka al chanje pou yon kat pèmanan, ansanm ak yon kat bis ale retou pou l ka ale nan bibliyotèk ki pi pre lakay li a. Tout bagay sa yo gratis epi yo ann angle, an panyòl epi an kreyòl. (Plis pase 34,000 paran enskri pou resevwa bilten sou devlopman kapasite paran an.)

Nou te pibliye yon almanak timoun. Nou te sipèvize pwodiksyon yon pwogram televizyon inèdtan sou difikilte lavi timoun piti. Pwogram sa a, se Òganizasyon “The Early Childhood Initiative Foundation” ak estasyon televizyon WLRN-TV ki te fè l. Pwogram nan konsantre sou fanmi nan sid Florid la. Dèyè kamera a nou te gen espètiz Doktè Roni Leiderman ki soti nan Sant Familyal nan inivèsite “Nova Southeastern University” ansanm ak doktè tibebe ki gen anpil renome a, Doktè T. Berry Brazelton.

Pou kounye a, n ap kolabore ak yon Enstiti nan Michigan ki rele: “Michigan-based High/Scope Early Childhood Reading Institute” pou kab mete yon pwojè nasyonal evalyasyon degre konpreyansyon timoun nan li ak ekriti, nan lang panyòl. Evalyasyon konesans timoun tou piti nan koze li ak ekri (Early Literacy Skills Assessment), se yon evalyasyon ki baze sou rechèch epi ki prezante sou fòm yon liv istwa pou timoun ki rele “La Aventura de Violeta,” li mezire kat prensip enpòtan pou timoun piti ki dwe kòmanse aktivite lekti ak ekriti – konpreyansyon, konesans fonolojik, prensip lòd alfabetik ak lide sou bagay ki ekri. Evalyasyon sa a mete timoun nan nan yon aktivite ki vle di anpil pou li, yo fè l antre nan aktivite aprann timoun nan, yon fason natirèl epi l fèt nan pwòp lang matènèl yo, yon fason pou pèmèt yo montre kapasite konesans yo genyen, san se pa chèche y ap chèche nan ki degre yo konprann lang angle. Se yon evalyasyon k ap fèt nan sitiyasyon ki pa etranj pou timoun yo -- lekti yon liv istwa pratik, k ap fèt an komen. Vèsyon angle evalyasyon sa a deja montre nou ka fye li san pwoblèm paske l valab; se menm bagay la pwojè sa a ap fè nan lang panyòl la.

Yon liv gratis pou chak tibebe ki fèk fèt:

Nan ane 2005 lan, twa òganizasyon sa yo: Lig anti difamasyon, [Anti-Defamation League (ADL)], Fondasyon inisyativ pou timoun piti, (The Early Childhood Initiative Foundation) ak Patenarya nan Miami-Dade pou aprantisaj fanmi, (Miami-Dade Family Learning Partnership) te parèt ak yon liv enpòtan sou edikasyon timoun piti; liv la gen yon kourikoulòm ki chita sou diferans kiltirèl; yo rele liv la "All Kinds of...Todo Tipo De...Tout Kalite...." Yo distribiye liv la gratis bay chak nouvo paran nan kominote a atravè tout 9 sant akouchman yo ak tout 13 lopital ki fe akouchman yo. Liv la fèt pou sèvi kòm yon premye liv bebe, k ap ankouraje paran yo pou yo li ak pitit yo depi byen bonè nan premye mwa yo. Epi tou liv la ap ede fanmi yo aprann rekonèt epi respekte diferans ak resanblans moun genyen antre yo.

Yo pibliye liv "Tout kalite..." a ann Angle, an panyòl ak an Kreyòl Ayisyen. Liv sa a ki fèt ak po di, yo kreye li pou paran ak moun k ap pran swen timoun pou yo sèvi ak timoun pitit yo genyen yo, pou ede yo: (1) fè premye pa a nan aprantisaj lekti ak ekriti pou timoun piti, epi (2) mete yo alèz nan afè diferans kiltirèl. Antan yon konpay an twa lang pou gide nou nan kèk aktivite, liv -- All Kinds Of...Activity Guide/Curriculum Framework, Todo Tipo de...Guia de Actividades, Tout Kalite...Liv egzèsis edikatif/Chapant yon kourikoulòm – nan parèt ni sou sit ADL la (http://www.adl.org/allkindsof) ni sou sit òganizasyon “Teach More/Love More” a (Ba yo plis konesans, renmen yo plis) pou n monte sou sit sa ale nan (www.teachmorelovemore.org). Sit sa a prezante yon aktivite lekti ki pou fèt a de ant paran an ak pitit li, epi tou li pote kèk aktivite suivi pou ankouraje esplorasyon timoun piti ap fè ak bagay ki antoure nou yo.

SPARK: Sipòte asosyasyon ant òganizasyon pou asire timoun yo prepare:

Fondasyon yo rele “W.K. Kellogg Foundation” nan te seleksyone “The Early Childhood Initiative Foundation” kòm youn nan uit kote nan tout peyi a pou resevwa yon lajan pou 5 an. N ap jwenn lòt lokal yo nan Georgia, Hawaii, Mississippi, New Mexico, North Carolina, Ohio ak Washington, D.C. Rezilta n ap atann nan pwojè sa a se: Timoun prepare, paran prepare, kominote prepare ak lekòl prepare.

Nou rele pwogram sa a SPARK (Supporting Partnerships to Assure Ready Kids), sa vle di: Sipòte asosyasyon ant òganizasyon pou asire timoun yo prepare. Pwogram nan pral swiv 1.600 timoun nan Miami-Dade ki gen 3 an ansanm ak fanmi yo pandan 5 an. Paran yo pral resevwa fòmasyon sou devlopman kapasite paran; klas yo ap fèt ann anglè, an panyòl epi an kreyòl. Nou rele pwogram etid la “Parents As Teachers” (Wòl paran yo kòm pwofesè); n ap sèvi avè l pou sipòte tout jefò pou devlopman kapasite paran.

Katye prensipal nan Miami-Dade County nou konsantre sou yo pou pwogram SPARK la se Allapattah-Model City ak Florida City-Homestead. Swasanndis sant gadri nan 2 katye sa yo pral travay pou amelyore kalite sèvis yo epi tou pou yo kab jwenn akreditasyon. Yo pral fè sa ann asosyasyon avèk “Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe”, “Intensive Intervention Quality Initiative”, (yon pwogram Kowalisyon Miami-Dade pou preparasyon timoun pou lekòl ki vle di Inisyativ entèvansyon entansif sou kalite). Atravè “Miami-Dade School Readiness Coalition”, nou pral bay tout timoun yo yon egzamen pou mezire kapasite yo pou yo aprann, youn pou mezire devlopman sosyal ak emosyonèl yo, nan koumansman epi nan fen ane eskolè a.

Chak ane, chak timoun ap resevwa yon egzamen sante; nan egzamen sa a y ap tcheke je, zòrèy ak dan yo. Referans medikal ap fè pati egzamen sante sa a tou. Objektif la nan sa a, se pou tabli yon “kote pou okipe afè sante depre” pou chak timoun.

Uit lekòl primè piblik se patnè nan SPARK la. Senk nan Allapattah/Model City: Kelsey Pharr Elementary, Maya Angelou Elementary, Comstock Elementary, Lenora B. Smith Elementary, ak Santa Clara Elementary. Twa nan Florida City/Homestead: Laura C. Saunders Elementary, West Homestead Elementary, ak Florida City Elementary. Y ap travay pou fè paran yo patisipe nan lekòl yo epi tou pou rann tranzisyon an pi fasil soti nan gadri pou antre nan lekòl piblik. Chak lekòl ap bay kominote a opòtinite pou granmoun ale lekòl.

Anpil jefò entansif ap fèt sou planifikasyon onivo katye ak nan kominote a an jeneral pou devlope estrateji pou kreye yon bon tranzisyon ant lakay ak lekòl pou timoun yo. Inisyativ sa a ap bat pou sèvi kòm yon akseleratè oswa yon etensèl pou ede timoun yo antre lekòl tou prepare pou aprann epi tou pou ede lekòl yo prepare pou fè timoun yo reyisi. Anplis lidèchip nan katye a ki enpòtan anpil, gen anpil gwo lidè kominote a ki enplike nan sa. Lidè sa yo soti nan: The Children's Trust, Community Action Agency ak Head Start, Department of Children and Families, Miami-Dade Public Schools, Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe, Miami-Dade County ansanm ak biwo Majistra Carlos Alvarez, YMCA, Miami-Dade Health Department, Florida International University, Nova Southeastern University-Family Enrichment Center, University of Miami-School of Medicine, Miami-Dade Family Learning Partnership, University of Florida, South Florida Workforce, United Way, ansanm ak The Early Childhood Initiative Foundation.

Si w bezwen plis ransèyman, ale nan sit entènèt W.K. Kellogg Foundation/SPARK la: SPARK Oswa ou kab jwenn W.K. Kellogg Foundation/SPARK si w klike sou logo ki pi ba a.

“Pare pou lekòl”:

Kesyon “Pare pou lekòl” (Ready Schools) se pa sèlman kesyon ki an rapò ak timoun ki pare pou lekòl, fanmi ki pare, ak kominote ki pare, men se yon kesyon ki an rapò tou ak “lekòl ki pare”. Sa vle di lekòl ki pare toutbon pou yo resevwa timoun yo depi nan piti. Yon bon tranzisyon lè timoun yo ap antre lekòl enpòtan anpil pou fè yo reyisi lekòl. Fondasyon “Early Childhood Initiative Foundation”, an kolaborasyon ak Lekòl leta Miami Dade-County yo, ap patwone 25 lekòl pou ede yo patisipe nan pwogram “High/Scope Ready Schools Assessment” lan. 8 nan lekòl k ap patisipe nan pwogram sa a, ap nan pwojè “Kellogg Foundation/SPARK” la tou. Fondasyon W.K. Kellogg Foundation  nan se yon gwo fondatè ni nan òganizasyon “The Early Childhood Initiative Foundation” nan ak nan Inivèsite Florid la.

 

Tout aktivite sa yo antre nan yon pwojè nasyonal pou “pare lekòl” kote 25 lekòl nan Miami-Dade yo ap travay ansanm ak 44 lòt lekòl nan tout peyi a. Travay sa ap abouti nan ranmase konesans pou tout 206 lekòl primè Leta nan Miami-Dade yo ak lòt milye lekòl ki toupatou nan peyi a.

Fon pou timoun yo:

An septanm 2002 elektè nan Miami-Dade County yo te apwouve yon resous ki pou ranmase lajan pou timoun yo sèlman. Yo tèlman fè tande vwa yo fò, rezilta a soti pozitif 2 vwa kont 1. Miami-Dade tounen uityèm depatman jewografi nan eta Florid la ki gen kalite resous sa a pou ranmase lajan pou timoun. Nan fen ane sa a, lajan k ap rive jiska 64 milyon dola pral koumanse antre. Mwatye pral sèvi pou pwogram prenatal (tibebe nan vant) jiska laj 5 an pou tretman bonè ak prevansyon … yon ka pou pwoblèm timoun laj 6 a 12 an… epi tou lòt ka a pou pwoblèm adolesan. Yon komite 33 manm piblik ak prive pral jere fon sa a. Komite a ap endepandan de lòt òganizasyon epi tou l ap gen obligasyon pou l fè tout bagay pou tout moun wè a klè ansanm ak pou l bay kominote a rapò regilyèman. Sa se te yon viktwa enpòtan espesyalman pou 3 rezon: (1) Tout segman popilasyon ak tout katye nan kominote a apwouve l; (2) li swiv yon jefò ki pa te reyisi 14 an pase, ki te echwe 2 vwa kont 1; epi (3) sa ki pi enpòtan ankò, travay li ak tout reyalizasyon li yo pral melanje avèk lòt jefò nan kominote a sou entèvansyon ak prevansyon pou timoun piti. Lajan sa koute yon mèt kay ki gen yon  valè mwayèn, se $61 chak ane.

Pou kategori prenatal rive laj 5 an gen priyorite sa yo: (1) Yon rezo kapasite paran, enfòmasyon an referans ki gen entansyon rive jwenn 100.000 a 200.000 fanmi; (2) devlope yon trè bon sistèm devlopman timoun ak patisipasyon paran pou ogmante kalite sant gadri yo ak kay timoun yo nan yon fason estwòdinè; (3) yon rezo resous pou paran yo; rezo sa a konsantre sou katye (5 a 10 rezo rejyonal k ap sèvi mil fanmi chak pa ane), epi (4) sèvis bezwen espesyal pou 250 plas nan gadri epi tou repo pou moun ak fanmi k ap bay timoun yo swen. Anplis, pral gen yon inovasyon ak yon fon pou matche lajan moun bay; sa pral pèmèt FON POU TIMOUN YO finanse kèk pwojè ki gen yon enterè espesyal epi ki kapab nan zòn lwen andeyò; sa pral pèmèt tou pou nou jwenn bon jan lajan lòt kote tou, tankou nan men gouvènman federal, gouvènman eta Florid la oswa lòt fondasyon.

Fon komite a apwouve pou gwoup laj 6 a 18 an gen priyorite sa yo: (1) yon rezo devlopman jenn moun ak sipò pou paran; rezo sa a pral sèvi jiska 60.000 timoun nan laj 6 a 12 an epi 60.000 anplis nan laj 13 a 18 an; (2) bon kalite pwogram ki pa pwogram lekòl epi ki gen bon ranfòsman pou sèvi 3.500 jèn nan laj 6 a 15 an lè lekòl lage, 1.720 jèn nan laj 6 a 18 an nan kan d ete, 125 timoun ki gen bezwen espesyal nan laj 6 a 12 an lè lekòl lage, yon lòt gwoup timoun ki gen bezwen espesyal menm kantite a ak menm gwoup laj la pou kan d ete; 125 jèn laj 13 a 18 an ki gen bezwen espesyal pou pwogram apre lekòl lage, epi menm kantite timoun ki gen bezwen espesyal ak menm gwoup laj la pou kan d ete; (3) 5 a 10 rezo pou entèvansyon bonè pou sèvi mil timoun chak nan gwoup laj 6 a 12 an epi tou 13 a 18 an; (4) tranzisyon nan pwogram jenn adilt ki pral devlope yon pwogram modèl ak antrènman 400 adolesan nan teknik lavi. Met sou sa, menm jan ak nan priyorite kategori prenatal rive laj 5 an, pral gen yon inovasyon ak yon fon pou matche lajan moun bay; sa pral pèmèt FON POU TIMOUN YO finanse kèk pwojè ki gen yon enterè espesyal epi ki kapab nan zòn lwen andeyò; sa pral pèmèt tou pou nou jwenn bon jan lajan lòt kote tou, tankou nan man gouvènman federal, gouvènman eta Florid la oswa lòt fondasyon. Bay prim ankourajman, konsèy ak fòmasyon, se yon inisyativ Children’s Trust kòmanse pou ede sant gadri rive fè pi bon travay. Deja gen Ekip swen sante  nan 100 lekòl.  Sa se yon kolaborasyon ki gen enpòtans nasyonal epi se yon nouvo pa. Lajan Children’s Trust ap finanse tou atravè òganizasyon Healthy Start Coalition, yon pwogram vizit lakay kote yo pote konsèy volontè gratis bay tout manman ki fè pitit pou premyè fwa nan Miyamided.

Sit entènèt FON POU TIMOUN YO chaje ak detay sou finansman, nou ka jwenn li atravè sit entènèt prensipal “Teach More/Love More” a nan teachmorelovemore.org, oswa nan thechildrenstrust.org. Oubyen tou, nou ka jwenn sit entènèt FON POU TIMOUN YO lè nou klike sou logo li a pi ba a.

Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe:

Òganizasyon Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe ki se youn pami 50 òganizasyon parèy li nan Eta Florid la, kontwole tout pwogram leta sibvansyone pou gadri timoun ak pwogram gadri pou timoun apre lekòl nan Miami-Dade; sa monte depase 30.000 timoun. Kowalisyon an kreye apati lwa 1999 Eta Florid la sou preparasyon timoun pou lekòl. Lwa sa a se youn nan premye lwa yo pase nan domèn sa a.

Si w bezwen plis enfomasyon sou organizasyon "Early Learning Coalition" an, telefone 305-646-7220.

Kouman pou nou ede timoun ki ka gen difikilte aprantisaj:

Nan peyi a – ak nan kominote nou an – sou chak senk timoun, ka gen youn ki fè pati gwo kategori timoun ki gen “bezwen espesyal” yo. Petèt yon ka nan timoun sa yo ka gen “difikilte aprantisaj” (pwoblèm pou yo aprann). Difikilte aprantisaj la se yon pwoblèm newolojik ki afekte kapasite sèvo a genyen pou li resevwa enfòmasyon, trete enfòmasyon, sere enfòmasyon epi reyaji fas a enfòmasyon li resevwa. Dapre pawòl Sant nasyonal pou etidye difikilte aprantisaj (ann angle “National Center for Learning Disabilities”), mo sa a valab pou anpil pwoblèm epi li dekri difikilte yon moun ki gen omwen yon entèlijans mwayèn ta ka genyen pou li devlope ladrès pou l aprann lekòl. Difikilte sa yo sanble pa gen anyen ki ka esplike yo. Ladrès sa yo nesesè pou moun reyisi ni lekòl ni nan travay epi pou yo ka debouye yo nan lavi a, an jeneral.

Pifò timoun ki gen difikilte aprantisaj yo, nou rive idantifye yo lè yo gen 8 an 9 an. Imajine si nou te ka rive idantifye timoun ki riske gen difikilte aprantisaj pi bonè pase sa, tankou lè yo gen 4 an. Imajine ki jan yo ta gen tan rive pi lwen lè yo gen 8 an 9 an si nou ba yo èd yo bezwen an anvan yo antre nan jaden danfan epi pandan plizyè ane anvan yo vin gen 8 an 9 an. Imajine kouman yo ta gen pi plis chans pou yo reyisi lekòl ak nan lavi a.

Se poutèt sa, fondasyon Emily Hall Tremaine bay Fondasyon Early Childhood Initiative yon sibvansyon. Sibvansyon sa a ki va dire dez an, chita plis sou mwayen pou nou sèvi ak metòd ki bay bon rezilta nan edikasyon preskolè pou timoun piti ki gen difikilte aprantisaj oswa ki riske gen difikilte aprantisaj.

Sibvansyon Tremaine nan va amelyore travay patnè nou, Koalisyon Miami-Dade/Monroe pou edikasyon preskolè (ann angle, Early Learning Coalition Miami-Dade/Monroe) deja fè nan domèn sa a. Pwojè koalisyon an mete sou pye, ki rele NEED (ann angle Natural Environment Educational Development - kidonk devlopman edikasyon nan anviwonman natirèl), se yon pwojè ki la pou idantifye byen bonè – nan gadri – timoun ki gen difikilte aprantisaj. Gen 9 fòmatè NEED ki travay ak 102 gadri pou yo ka aplike estrateji pou yo rekonèt pwoblèm nan bonè, pou yo byen prepare entèvansyon yo epi si sa nesesè bay referans pou plis egzamen ak plis èd. Lè yo sèvi ak sibvansyon Tremaine nan pou amelyore pwogram nan, sa ogmante kapasite kominote nou an genyen pou l ede timoun ki gen difikilte aprantisaj, pèsonn pa te konnen. Pwojè espesyal sa a – yon modèl “rekonèt pwoblèm nan epi twouve yon solisyon” – pral konsantre sou 12 gadri nan Miyami-Dad. Li va kòmanse ak egzamen zye, zòrèy, kapasite ak ladrès sosyal epi emosyonèl pou yo ka wè ki timoun ki riske gen pwoblèm pou yo aprann. Pwogram nan va gen teknik entèvansyon pou moun travay ak timoun ladan ak teknik pou fè fanmi yo vin enterese epi pou ba yo sipò. Yon lòt bagay k ap nan sistèm edikasyon timoun piti sa a, se devlopman pwofesyonèl pwofesè preskolè yo, devlopman yon pòtfolyo/pwofil pou tout timoun 4 an, k ap gen enfòmasyon fasil pou moun sèvi sou evalyasyon, entèvansyon ak eksperyans fanmi.

Rechèch la fè nou konnen tout timoun kapab pwofite si yo jwenn bon kalite edikasyon preskolè. Epitou nou konnen, tout timoun pa aprann menm jan. Sibvansyon Fondasyon Tremaine nan va pèmèt nou sèvi ak edikasyon preskolè kòm yon platfòm pou nou ka fè mwayen posib pou tout timoun piti reyisi lekòl bonè. Epi se va yon mwayen pou nou pote yon èd espesyal bay timoun k ap redi pou yo aprann ak timoun ki riske gen pwoblèm aprantisaj. Sa fè n plezi Fondasyon Tremaine nan chwazi Miami ansanm ak tout patnè ki travay avèk nou yo kòm youn nan premye kote nan peyi Etazini pou li demare ak apwòch sa a.

Sant United Way pou bon jan edikasyon timoun piti:

United Way nan Miyamided se yon kolaboratè enpòtan nan travay tèt ansanm k ap fèt toupatou nan kominote a pou bon jan devlòpman, swen ak edikasyon timoun piti. Sa ki poto mitan efò sa yo, se Sant pou bon jan edikasyon timoun piti y ap bati nan katye jeneral United Way a, nan adrès 3250 SW Third Ave, Miyami. Pwojè sa a ki koute 30 milyon dola nou rive ranmase an prive, pral sèvi tankou yon sant resous nasyonal “pi bon modèl edikasyon” pou edikatè, pwofesyonèl nan swen timoun ak paran yo – egal tout moun ki pran angajman fè edikasyon timoun piti rive nan pi wo degre.

Pati redchose sant la ap gen yon lekòl demonstrasyon pou 130 timoun ki gen laj 6 semenn rive 5 an. Premye etaj la va yon sant pou rechèch ak fòmasyon, li va ofri nouvo mwayen pou rive sèvi kominote a, li va ofri rechèch, edikasyon, ak pwogram fòmasyon pou paran, pwofesè, biznis nan zòn nan, pwofesyonèl gadri, moun k ap fè rechèch ak lòt moun nan kominote a ki pran angajman fè bon kalite edikasyon timoun piti vanse pou pi devan.

Sa vle di:

  • Yon sant fòmasyon kote pwofesyonèl swen timoun ka amelyore kapasite yo.
  • Yon sant rechèch kote nou ka demontre nouvo pwogram etid pou timoun piti epi nou ka teste pwogram sa yo.
  • Yon sant fòmasyon pou ede biznis ak lòt enstitisyon ofri anplwaye yo avantaj sèvis swen ak edikasyon bon kalite pou timoun piti.
  • Yon sant resous kote paran yo ka aprann pi bon modèl nan domèn levasyon timoun ak edikasyon pou timoun piti.
  • Yon lekòl demonstrasyon pou 140 timoun kon sa ant laj sis semèn rive sou senk an.

Sa vle di timoun nan sant lan gen tout chans pou yo pare epi pou yo gen gwo anvi kòmanse ak lekòl fòmèl… jadinyè danfan ak lòt pwofesyonèl swen timoun va gen pi bon chans yo ka jwenn pou yo respekte pi gwo modèl nan kesyon edikasyon timoun piti, ata kritè pou akreditasyon Asosiyasyon nasyonal edikatè pou timoun piti … paran timoun piti yo ap amelyore konesans yo ak ladrès yo … biznis nan kominote a va konprann kesyon bon kalite edikasyon pou timoun piti pou anplwaye yo epi yo va kore lide a. Yon komite konsiltatif nasyonal ki gen 39 manm va sèvi kòm gid epi yo va bay konsèy espesyalman sou pwogram etid, sou rechèch ak fòmasyon epi yo va idantifye chans pou patenarya dekwa pou yo ka ogmante enpak sant sa a nan kesyon edikasyon timoun piti o nivo nasyonal.

Si nou bezwen plis enfòmasyon, kontakte Gladys R. Montes, direktris Sant pou bon jan Edikasyon timoun piti a nan 305-646-7074 oubyen nan.

The Miami-Dade Family Learning Partnership:

Òganizasyon Miami-Dade Family Learning Partnership la, se yon kowalisyon ant plizyè òganizasyon nan zòn nan kap travay pou fanmi yo. Òganizasyon sa a konsidere kominote nou an kòm yon kote paran yo ta dwe premye pwofesè yon timoun epi pwofesè ki pi enpòtan pou li; yon kote timoun ap resevwa bon kalite enstriksyon pou yo aprann li ak ekri ak enstriksyon langaj; epi yon kote bon jan pwogram aprantisaj lekti ak ekriti ak devlòpman langaj ava disponib a bon mache pou tout moun. Òganizasyon Family Learning Partnership la kolabore ak ajans ansanm ak enstitisyon nan kominote a pou amelyore byennèt timoun nan ak fanmi li. Travay la konsantre sou aktivite li ak ekri pou fanmi ak granmoun, èd pou fanmi, èd sosyal pou timoun, aprantisaj lekti ak ekriti epi rechèch.

Men kèk pwojè Family Learning Partnership genyen:

  • Lawyers for Literacy (avoka pou ede moun aprann): Pwojè sa a plis ap travay pou ede moun ogmante ladrès yo nan domèn li ak ekri epi ogmante konesans yo nan travay yo  kòm paran pou elve timoun. Men pou ki gwoup moun pwojè sa a la: jenn manman ak papa pitit, jenn moun ki fenk vini nan peyi a, jenn moun ki fini ak pwogram leta k ap pran swen yo lakay yon fanmi dakèy, ak lòt jenn moun ki ka bezwen èd pou yo menm ak pitit yo kapab gen yon lavi miyò. Mete sou ladrès nan konesans lafanmi, pwojè a sèvi ak jij, avoka, etidyan dwa ki bay tan yo ak konesans yo, pou ede paran ak jenn moun rekonèt gwo difikilte ki genyen nan domèn lalwa. Li ede yo evite tonbe nan pwoblèm ak lalwa, oswa rezoud pwoblèm yo genyen ak lalwa (pafwa atravè seyans konsèy sou sa lalwa di, men pi souvan atravè resous ki genyen nan kominote a san sèvis yon avoka). Sa fè moun aprann konprann dwa ak reskonsablite yo genyen dapre lalwa, epi yo wè enpòtans ki genyen nan wòl lalwa ak wòl avoka jwe pou kominote a ak peyi a kapab bon pou tout moun. Pwogram fòmasyon yo gratis nèt pou moun ki suiv yo. Pwogram sa yo trete sijè lalwa ki konsène finans pèsonèl moun, imigrasyon, dwa kriminèl, dwa moun genyen nan kote y ap travay, lwa pou afè mèt kay ak lokatè, dwa familyal ak swen sante. Pwojè sa a “bati kominote ” ak moun k ap viv ladan yo. Kòm rezilta, sa fè moun vin kwè ak tout kè yo lalwa rann moun sèvis olye li tounen yon fado pou yo.
  • Adult Literacy Directory (ànyè pwogram alfabetizasyon granmoun) : Yo distribiye Gid resous familyal ak alfabetizasyon granmoun nan Miami-Dade la, ann angle “The Miami-Dade Adult Literacy and Family Resource Guide”, bay 25 ajans kominotè ak 15.000 granmoun ki pral lekòl. Pami gwo patnè yo, genyen: The Early Childhood Initiative Foundation, Miami-Dade Public Schools, South Florida Workforce, Region V Adult Literacy Center ak Dade Community Foundation.
  • All Aboard for Family Fun (Tout moun, anbake pou yon amizman an fanmi) : Se yon pwogram aktivite ki baze sou entènèt, ki entèraktiv, epi ki fèt dapre devlopman timoun pou fanmi kapab jwenn aktivite jwèt, atizana, mizik, kuizin, ak lekti ak ekriti. Chak mwa, paran ak moun k ap gade timoun kapab jwenn konsèy sou wòl paran yo, atik sou devlòpman timoun ak anpil aktivite tou nèf ki mache ak laj timoun yo.
  • Family of Readers Program (Pwogram pou fanmi ki li) : An kolaborasyon ak òganizasyon Reading Is Fundamental ki se pi ansyen ak pi gwo òganizasyon aktivite lekti ak ekriti pou timoun ak fanmi yo nan peyi a, Miami-Dade Family Learning Partnership – met ansanm avèk The Early Childhood Initiative Foundation ak Junior League – ap mennen kèk inisyativ aktivite lekti ak ekriti nan lekòl yo, nan bibliyotèk yo, nan refij familial yo ak sistèm jistis jivenil la pou ede timoun ak fanmi yo adopte lekti, aprantisaj ak alfabetizasyon timoun piti. Yon regwoupman ajans nan domèn swen timoun piti konsantre sou kapasite timoun pou lekti ak ekriti ak sou inisyativ fè lekti ansanm atravè pwojè Family of Readers la. Sa ede jenn paran yo devlope ladrès pitit yo pou pitit yo kapab pale, li ak ekri bonè atravè aktivite ki bay paran yo antrènman lekti awotvwa ak pitit yo, epi sa ede jenn paran yo bay pitit yo esperyans langaj, lekti ak ekriti byen bonè pou ankouraje yo reyisi pi ta nan lekòl.
  • Literacy Forum for Providers (Fowòm literasi pou anseyan yo) : òganizasyon Miami-Dade Family Learning Partnership la bati epi sipòte relasyon ak òganizasyon kominotè yo pou adrese bezwen kominote a nan domèn aprantisaj lekti ak ekriti. Nou rive tabli yon rezo moun k ap bay sèvis literasi ak sèvis familyal nan sektè piblik la, sektè prive a ak sektè relijye a. Avèk sipò Dade Community Foundation, òganizasyon sa yo kolabore ansanm pou yo toujou genyen nouvo enfòmasyon sou sèvis literasi ak langaj, pou distribye enfòmasyon yo bay moun k ap bay sèvis sa yo, pou devlope estanda anseyman ki sou menm nivo toupatou, epi mete evalyasyon ak sèvis pou granmoun ki etidyan yo k ap rapousiv edikasyon yo nan literasi ak langaj. Pami pi gwo kolaboratè yo, nou jwenn: Miami-Dade Public Schools, Greater Miami Chamber of Commerce, Head Start/Early Head Start, Òganizasyon Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe, WLRN, Human Services Coalition, HIPPY, Peace Education Foundation, Miami-Dade Public Library System, Miami Heat, United Way Success by Six, University of Miami, Florida International University, Department of Children and Families, Junior League, Work Force Development ak sektè relijye a.
  • Morris B. Morris Family Literacy Fund (Fon Morris B. Morris pou aktivite literasi lafanmi) : Fon Morris B. Morris Literacy Fund nan, te tabli an memwa Morris B. Morris; fon sa a founi liv pou monte bibliyotèk anndan kay pou timoun ak fanmi yo nan Miami-Dade.
  • Reach Out and Read Miami: Pwojè sa a ap chèche fè pwomosyon alfabetizasyon timoun piti tounen yon pati nan swen woutin pedyat yo pou tout timoun. Reach Out and Read ap travay nan klinik pedyatri epi li founi bay fanmi ki gen timoun laj 6 mwa rive 5 an gid sou enpòtans literasi k ap devlope ansanm ak fè lekti awotvwa. Men modèl nou an: (1) pedyat yo esplike bay moun k ap bay timoun yo swen yo pou ki sa li si enpòtan pou moun fè lekti ak timoun piti, (2) pedyat yo bay timoun nan yon liv pou l pote lakay li; liv sa a apwopriye ak devlòpman timoun epi ak kilti li, epi (3) kèk volontè fè lekti awotvwa ansanm ak timoun yo nan sal datant klinik yo. Reach Out and Read fè pati yon ti gwoup pwogram ki baze sou bon jan rezilta epi yo rekonèt k ap amelyore aktivite literasi. Modèl Reach Out and Read la konsantre sou popilasyon a risk yo; li fonksyone nan sant swen lasante yo kote omwen mwatye timoun yo ap viv nan yon nivo ki pi ba oswa ki prèske nan menm nivo povrete federal la. Pwojè sa a bay 22 mil timoun ak 25 sant sante sèvis nan Miami-Dade. Pandan 18 mwa ki sot pase la a, yo distribiye 100 000 liv.
  • Learningames: Fondasyon Kominote Ded la (The Dade Community Foundation) bay yon sibvansyon 18 mwa pou ofri kote k ap pran swen timoun ki fenk fèt rive nan laj 3 an, yon nouvo apwòch ki baze sou rechèch; apwòch sa a rele “Learningames”. Y ap sèvi ak apwòch sa a nan  15 klas tibebe (Early Head Start) nan zòn “Liberty City” ak “Brownsville”. Objektif apwòch sa a se: (1) ogmante ladrès langaj timoun ak ladrès ki pral pèmèt yo aprann li epi (2) konsantre sou fason granmoun boule ak timoun. Pwogram nan k ap sèvi 700 fanmi kounye a, ofri konseye konpetan k ap vizite klas yo, materyèl ki pou amelyore anviwònman an nan klas yo, ak yon kantite materyèl ak resous. Men òganizasyon ki pote kole ak inisyativ sa a: Head Start/Early Head Start, The Early Childhood Initiative Foundation, University of Miami-Department of Pediatrics, Frank Porter Graham Child Development Institute at The University of North Carolina-Chapel Hill ak Abt Associate.

Men ki jan mouvman an te kòmanse:

Apre plizyè mwa travay preliminè, 117 sitwayen te reyini pou 2 jou edmi nan mwa me 1999 pou yo kapab drese yon pwojè plan estratejik. Pami moun sa yo te genyen majistra a, sipèentandan lekòl leta yo, prezidan konsèy edikasyon an, direktè biwo depatman lasante ki nan Miami-Dade County a, avoka leta a, jij jivenil an chèf la, prezidan United Way la, ansanm ak kèk pwofesè preskolè, kèk lidè nan sektè relijye a ak sektè komèsyal la, ak anpil lòt.

Prensip k ap gide nou yo:

  • Rezilta moun kapab kontwole.
  • Yon baz bezwen, pwogram ak sèvis pou idantifye twou vid nan sèvis yo epi bat pou bouche twou vid sa yo.
  • Yon plan alontèm ki gen aktivite ki pa mande anpil tan tou tankou sa ki pwojè ki mwens pase 1 an, sa ki ant 1 a 5 an ak 5 a 10 an avèk rapò regilye ba kominote a.
  • Patenarya ak komèsan, ak lekòl, ak moun k ap founi sèvis ak gwoup kominotè relijye, sa ki va pèmèt yon sistèm sèvis konplè ki finanse nèt an favè tout timoun ki fèk fèt rive sou sa ki nan laj 5 an ansanm ak fanmi yo.
  • Yon demach global; sa vle di tout sistèm, tout sous finans epi espesyalman pou tout timoun depi yo fèt jiska laj 5 an.
  • Sèvis ak pwogram entegre ki baze sou bezwen total timoun nan.
  • Pwogram edikasyon ak swen timoun piti ki gen bon kalite epi nenpòt moun kapab peye pou tout timoun ki fèk fèt jiska laj 5 an.
  • Tout timoun ak fanmi yo kapab jwenn yon sistèm sèvis ki konplè, ki kowòdone, ki pa chè ki toujou la epi ki plen konpasyon.
  • Kè sansib pou tout gwoup ak tout moun nan kominote a.
  • Kay, kominote ak lekòl ki pa gen vyolans, abi ak neglijans toutotan moun ka rann sa posib.

Pandan ete 1999 la nou te fè 21 fowòm kominotè, soti nan yon katye al nan yon lòt nan tout depatman jeyografik. Nan fowòm sa yo, nou tap pataje plan estratejik la epi tou nou tap mande sijesyon. Anpil paran ti ban nou priyorite yo:

  • Plis enfòmasyon sou jan pitit mwen an aprann.
  • Plis enfòmasyon sou jan yo kapab ede m fè travay mwen kòm paran pi byen.
  • Bon jan swen sante pou pitit mwen an.
  • Gadri pou tibebe ki pa twò lwen, ki pa koute twò chè epi ki de bòn kalite.
  • Yon katye ki gen sekirite.

Reyinyon osomè majistra a pou timoun yo te fèt an Septanm 1999. Nan reyinyon sa a, 4.500 moun te vote ki pati nan plan estratejik la pou yo atake an premye. Yo te anonse 4 gwo gwoup espesyal pou egzekite priyorite sa yo: (1) Devlopman ak edikasyon timoun piti, (2) Sante ak byennèt timoun, (3) Kapasite paran ak fanmi epi enfòmasyon, epi (4) Prevansyon ak entèvansyon sou abi, neglijans ak vyolans. Gwoup espesyal sa yo te toujou moun enpòtan ki kontribiye nan pwogrè nou te fè yo. Chak gwoup espesyal te aprann “pi bon fason” pou boule nan diferan domèn priyorite epi tou yo te moute yon “envantè kominotè”-- sa yo te founi ak ki kote twou vid yo ye. Travay ak refleksyon gwoup espesyal yo te fèt anvan gwo kanpay pou enfòme piblik la ki te vize paran yo ak moun k ap pran swen timoun yo.

Apati travay sa a tou nou parèt ak yon liv ransèyman konplè ki pale tou kout de pi bon konesans ki disponib sou estrateji pou rive byen prepare timoun yo pou lekòl ak ranfòse kapasite fanmi yo pou leve timoun k ap tounen bon sitwayen. Lidè pwojè a ki nan liv ransèyman sa a, se te Doktè Barbara Thomlison ki soti nan Florida International University ansanm ak Muriel Wong Lundgren. (Liv la disponib nan sit entènèt sa a; ale nan paj prensipal la epi klike sou “Best Trends and Practices”.) Pou nou te kapab parèt ak liv ransèyman an, nou rasanble enfòmasyon nan men espè, nou fè anpil fouy nan liv syantifik pou kolekte entèvansyon moun ap pratike ki bay pi bon rezilta yo ansanm ak entèvansyon lasyans verifye yo.

Pandan tout tan nou t ap fè travay la, nou bat pou nou toujou sonje 30 pou san oswa plis timoun ki antre nan premyè ane nan kominote nou an epi ki anreta anpil. Genyen twòp ki pap janm ratrape, epi tou twòp nan yo se kandida pou jijman nan tribinal ak pou prizon. Rechèch la montre nou, si nou te saj ase pou nou envesti yon dola davans nan premye ane lavi yon timoun, nou ta ka ekonomize sèt dola nan rès ane yo lè nou bezwen depanse lajan sosyete a sou sa yo ki echwe oswa ki sou wout pou yo echwe. Sosyete nou an ta mwen vyolan, lari ak lakay nou yo ta gen plis sekirite. Nou ta gen plis moun k ap peye taks ak mwens moun nan prizon. Nou ta gen plis moun ki kapab fè konpetisyon nan 21èm syèk sa a. Se kon sa de twa premye ane lavi yon timoun enpòtan anpil.

Men gwoup anplwaye yo 
 

David Lawrence Jr.
President
(305) 646-7229
Email: dlawrence@childreadiness.org

Ana Sejeck
Chief Operating Officer
(305) 646-7231
Email: asejeck@childreadiness.org

Alina Diaz
Ready Schools Miami director of systems and database support
(305) 646-7245
Email: adiaz@childreadiness.org

Monica Barrios
Executive Assistant
(305) 646-7228
Email: mbarrios@childreadiness.org

Ana de Aguiar Echevarria
Project Director
(305) 646-7230
Email: adeaguiar@childreadiness.org