|
|
|
Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
|
|
|
Ki sa teknoloji ki ede ye?
Teknoloji ki ede la pou ede pitit ou ki gen yon enkapasite oswa yon bezwen espesyal pou l kapab fè kèk bagay. Gen anpil aparèy ki disponib pou ede pitit ou fè sa lòt timoun kapab fè. Gen posiblite pou w jwenn kèk nan sèvis sa yo oswa nan aparèy sa yo si w gen Medicaid.
Aprann plis sou sa teknoloji ki ede a kapab fè pou pitit ou a. Poze pwofesyonèl k ap egzamine pitit ou a kesyon sou ki èd teknoloji ki ede a ka pote. Poze yo anpil kesyon sou kòman ak ki sa ou kapab fè pou w ede pitit ou lakay.
Zouti teknoloji ki ede yo kapab ede yon timoun ki gen yon enkapasite oswa yon pwoblèm medikal nan domèn sa yo:
 |
| A child using a walker |
- Aprann.
- Jwe.
- Pale.
- Mache, fè mouvman ak chita.
- Wè ak tande.
- Manje.
Teknoloji ki ede yo kapab tou ede timoun:
- Sèvi ak òdinatè.
- Fè lekti pou kont yo.
- Fè kèk bagay pou kont yo epi depann mwens de lòt moun.
return to table of contents
Ki moun ki bay kout men pou deside ki teknoloji ki ede, yo dwe itilize?
Se yon ekip ki dwe deside ki teknoloji yo dwe itilize pou yon timoun ki genyen yon enkapasite oswa yon pwoblèm medikal. Leplisouvan ekip sa a genyen yon terapis fizik, yon terapis pou okipasyon, yon terapis langaj, yon pwofesè ak espesyalis nan teknoloji ki ede ki sou plas.
Terapis fizik la: Se yon pwofesyonèl ki antrene pou fè mis timoun yo ak jwenti ki nan bra yo vin gen plis fòs epi fè janm yo ak lestomak yo vin fè mouvman pi fasil.
Terapis pou okipasyon an: Se yon pwofesyonèl ki la pou ede timoun yo sou kondisyon jwenti yo ak mis yo. Se terapis sa a tou ki chèche jwenn ki pwoblèm jwenti sa yo ak mis yo ap genyen sou aktivite timoun nan ap fè chak jou, tankou mete rad, manje. Terapis sa a kapab sijere ak ki materyèl teknoloji ki ede pou yo sèvi.
Espesyalis nan teknoloji ki ede a: Se yon moun ki la pou ede moun ki gen enkapasite pou l bay yo solisyon teknoloji ki ede a bay, yon fason pou ede yo. Teknoloji ki ede a oswa materyèl teknoloji ki ede yo ede moun ki genyen enkapasite nan nenpòt aktivite yo fè chak jou tankou: manje, pale, flannen, travay, jwe.
Terapis langaj la: Se yon pwofesyonèl ki la pou l fè evalyasyon ak tretman pou pwoblèm kominikasyon (pwoblèm pou pale) ak pwoblèm vale(http://www.medicinenet.com/swallowing/article.htm) . Yo konn rele yon espesyalis pou pawòl ak langaj terapis langaj oswa patolojis lang.
Edikatè espesyal pou timoun piti/ pwofesè pou edikasyon espesyal yo: Se yon seri pwofesè ki fòme espesyalman pou ede pitit ou aprann.
return to table of contents
Ki sa fanmi yo dwe konsidere anvan yo deside ki teknoloji ki ede yo vle itilize?
Men kesyon ki pi enpòtan an: "Ki sa ou vle pitit ou fè li pa kab fè kounye a akòz yon enkapasite oswa yon pwoblèm medikal?'
Pi fò paran vle pitit yo mache, pale, jwe epi fè sa lòt timoun ka fè. Men kèk ide sou fason teknoloji sa a kapab ede pitit ou a:
Aprann
Timoun piti renmen aprann nan fè dekouvèt ak nan kreye bagay pa yo. Enstriman ki adapte pou sa kapab ede timoun aprann pandan y ap fè desen, pandan y ap kolore, pandan y ap ekri ak pandan y ap koupe moso katon ak lòt materyèl. Yon terapis pou okipasyon ak yon espesyalis nan teknoloji ki ede kapab ede paran yo chwazi materyèl ki apwopriye.
Jwe
Gen kèk timoun ki gen enkapasite ki pa kapab chita san yo pa jwenn yon sipò. Yon bisiklèt twa wou adapte ede timoun nan jwenn sipò pou l chita an sekirite epi sa ogmante endepandans timoun nan pandan l ap jwe e l ap fè mouvman. Yon terapis fizik ka ede w chwazi bisiklèt twa wou ki apwopriye a.
Switch pou jwèt ki mache ak batri ki ka ede timoun nan jwe. Jwèt sa yo fè mouvman depi ou manyen switch la yon fason pou fè timoun nan patisipe.
Pale
Materyèl kominikasyon yo la pou ede pitit ou a pou l kominike epi pou yo konprann. Men kèk egzanp:
- Materyèl "ki pale" yo sèvi pou ede timoun ki gen difikilte pou pale. Sa ki pi senp lan se materyèl "ki pale" yon-mesaj la. Yon moun nan fanmi an anrejistre "Jwaye Halloween" pou timoun nan kapab patisipe nan fèt la. Ou sèlman peze yon bouton epi materyèl la "pale" pou timoun nan.
- Materyèl "ki pale" de-mesaj yo ede timoun ki poko pale oswa ki pale men ki difisil pou moun konprann. Materyèl sa a kapab ede lòt moun konnen ki sa timoun nan vle manje, ki kote li vle ale, etc.
- Chwa yo ap ogmante toutotan kapasite timoun nan pèmèt sa --- rive jis nan sistèm sofistike sou òdinatè ki pèmèt yon moun di plizyè milye mo oswa mesaj.
- Genyen anpil lòt posiblite ankò tankou yon "tablo imaj" ki sèvi ak imaj oswa foto yon pakèt bagay pitit ou a kapab montre. Chèche wè yon espesyalis nan teknoloji ki ede ak yon terapis pawòl ak langaj pou w jwenn plis fason ou kapab ede pitit ou a kominike.
Mache, fè mouvman ak chita
Ekipman pou pozisyon adapte yo ede pitit ou a fè kichòy ak pozisyon kò l. Pa egzanp:
- Yon materyèl pou kanpe (gade foto a goch la) ede pitit ou kanpe dwat
- Yon materyèl pou mache oswa braslè pou janm fè janm timoun nan rete dwat.
- Yon chèz adapte ede timoun nan chita dwat.
Anpil fwa yon timoun ki gen pwoblèm mis tankou paralizi sèvo oswa domajman mis pa ka chita poukont li. Yon terapis pou okipasyon kapab ede w jwenn chèz adapte ki apwopriye a pou pitit ou a ka jwenn sipò pou l chita.
Se yon pedyat oswa yon terapis fizik ki dwe preskri materyèl pou mache yo. Yon terapis fizik ka rekòmande w yon enstriman pou mache aprè li fin fè evalyasyon fizik kòrèk.
Pale avèk yon pwofesyonèl avan w pran desizyon sou ki materyèl w ap achte. Yon materyèl ki pa adapte oswa yo fè alamen ka fè timoun nan plis mal.
Wè ak tande
Timoun ki genyen pwoblèm pou yo wè ak pou yo tande kapab jwenn materyèl ki fèt pou yo espesyalman. Men kèk egzanp:
- Limen oswa vibre.
- Genyen grenn oswa yon sifas ki rèd.
- Ajoute odè nan jwèt tankou Pat a modle.
- Kas ki ogmante bri oswa ki diminye bri kote timoun yo ye yon fason pou ede timoun ki gen difikilte pou tande pran plezi tande mizik ak istwa.
Sa kapab fè timoun nan jwenn plis sansasyon lè l ap jwe epi l ap pran odè, l ap manyen kichòy, l ap tande. Sa kapab ede timoun yo devlope sans yo epi pou yo jwenn plis plezi lè y ap jwe. Chèche enfòmasyon sou jwèt ki kapab ede pitit ou devlope.
Manje
Yo kapab sèvi ak yon seri enstriman adapte pou manje pou ede timoun nan manje poukont li. Yon terapis pou okipasyon kapab ede w chwazi enstriman ki apwopriye.
Men kèk enstriman ki adapte pou ede timoun manje:
- Fouchèt, kouto ak kiyè ki pi laj oswa sèvi ak sa ki gen manch ki fasil pou kenbe.
- Asyèt espesyal ki gen akote wo yon fason pou manje a pa sòt tonbe.
- Gode ak manch oubyen gode ki gen twou pou moun bwè.
- Yon soupla kolan yo mete anba asyèt ak gode pou yo pa ni deplase ni vide ni sot tonbe.
Itilizasyon òdinatè
Òdinatè se yon gwo zouti pou tout timoun aprann espesyalman pou sa ki pi jèn yo. Men kèk kalite teknoloji ki ede, yo sèvi pou ede timoun itilize òdinatè:
- Lojisyèl pou anseye (agoch) ki mache ak ekipman teknoloji ki ede a.
- Ekran kontak (anwo adwat) ak switch ki ede timoun nan sèvi ak òdinatè poukont li.
- Klavye adapte ki genyen pi gwo touch oswa touch ki senp pou itilize.
- Kontwòl Joystick (adwat) olye yo itilize yon sourit oswa yon klavye.
Lekti
Liv adapte yo se liv yo chanje pou fè yo vin pi fasil pou pitit ou a li. Liv sa yo se kapab:
- Liv ki pale (yo vini avèk yon enstriman ki fè lekti fò oswa yon kasèt oubyen yon CD).
- Liv ki genyen paj ki vire fasil.
- Liv panche, yon fason pou pitit ou a kapab wè mo yo pi byen.
return to table of contents
Fè kèk bagay poukont yo lakay
Orè imaj ede yo rete òganize epi yo ka fè kèk bagay. Se yon lis aktivite ki sèvi ak imaj pou montre timoun nan sa l genyen pou l fè.
Materyèl kontwòl anvirònnmantal yo se yon seri zouti ki itil anpil k ap fè pitit ou vin pi endepandan epi k ap ede l kontwole kèk bagay lakay ou tankou televizyon, vantilatè ak limyè.
Sa enpòtan anpil pou menm timoun piti santi yo ka fè yon bagay san paran pa ede yo. Sa fè yo vin pi apresye tèt yo epi yo santi yo pi itil.
Pou plis enfòmasyon kontakte:
return to table of contents
|
|