|
|
|
Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
|
|
| Au sujet sexuel de l'abus
|
|
|
| |
|
Chwazi yon Terapet
|
|
Gen anpil terapet ak ajans ki okipe sèvis sosyal, nan Sid Florida. Menm si yo pa egzije pou terapet gen okenn fòmasyon espesyal pou yo trete moun ki viktim ensès, oswa abi seksyèl, se dwa w pou ou jwenn tretman terapetik ki valab, ki suiv etik, e se yon reskonsablite ou genyen vizavi tèt ou, vizavi pitit ou pou ou jwenn terapet ki pi apwopriye pou ka ou a.
Pi bon fason pou ou jwenn yon terapet, se lè yon moun ou fè konfyans (egzanp, yon zanmi, yon lòt moun ki te viktim abi seksyèl, yon moun k ap travay menm kote ak ou, yon fanmi, eksetera) rekòmande ou yon terapet. Sa enpòtan pou ou santi w an sekirite ak terapet pitit ou a, yon fason pou terapet la ka fè tretman an. Men kèk nan kesyon ou kab mande yon terapet:
- Ki kalte diplòm ou genyen? Èske Eta a ba w lisans pou ou fonksyone?
- Ki valè esperyans ou genyen nan travay ak timoun, jenn timoun, paran, e ki fòmasyon ou te resevwa?
- Èske ou abitye fè pasyan w fè egzèsis espesyal tankou jwe wòl, jwèt, eksetera?
- Sou ki sa w panse yon timoun ki viktim abi seksyèl bezwen travay, nan yon seyans terapi?
- Èske gen ka ki egziste kote timoun nan reskonsab sa ki rive l la?
- Ki sa w panse sou manyen yon kliyan?
- Konbyen tan pou m atann mwen pitit mwen ap fè nan terapi?
- Ki sa ou panse sou terapi pou lafanmi?
- Ki sa w ap fè si lòt timoun mwen yo bezwen terapi tou? Èske w ap kapab trete yo tou oswa èske w t ap refere yo bay yon lòt terapet?
- Èske w disponib pou lè gen ka ijans?
- Konbyen kòb ou mande pou jan travay sa yo? Èske w asepte moun ki gen asirans? Èske w kwè nan rekòmande paran pou yo li sèten liv? Ki dènye liv ou li sou kesyon abi seksyèl la?
- Èske ou refere timoun bay gwoup, oswa èske ou travay ak gwoup oumenm?
- Èske nan terapi w ap fè a, ou mande pou fanmi an rekonsilye epi pou yo padone moun ki komèt zak la? Se pa paske yon moun se yon terapet pwofesyonèl epi li kab ede lòt moun pou w panse li an mezi pou l ede pitit ou a ansanm ak fanmi ou. Se oumenm ki pou deside èske moun sa a se yon moun ou kab fye pou ede ou rezoud pwoblèm familyal ou. Se dwa ou pou ou kontinye chèche yon terapet, jiskaske ou jwenn youn ki kab ede w toutbon.
Èske terapet la trete w avèk respè, konpreyansyon, konsiderasyon? Ou pa dwe gen enpresyon yo pran ka pitit ou a alalejè, yo pa bay esperyans ou a enpòtans oubyen yo kritike sa w fè. Kòm timoun ki viktim abi seksyèl ak fanmi yo konn gen anpil difikilte pou yo fye moun apre, ou dwe jwenn bon rapò ak bon akèy kay terapet la anvan ou kòmanse terapi a.
Se Doktè Marjorie Lipton ki rasanble enfòmasyon sa yo. Li se direktè pwogram nan “The Journey Institute” ki nan Miami. Ou kab rele l nan nimewo (305) 740-8998.
|
| back to top |
|
|
Èske w konnen...
|
- Sou chak 3 tifi, gen youn ki viktim abi seksyèl anvan yo gen 18 an?
- Sou chak 5 tigason, gen youn ki viktim abi seksyèl anvan yo gen 18 an?
- Leplisouvan, se yon manm fanmi an yo fè konfyans ki fè abi seksyèl sou tifi yo?
- Leplisouvan, se yon granmoun fanmi an fè konfyans men ki pa fè pati fanmi an ki fè abi seksyèl sou tigason yo?
- Timoun ki viktim abi seksyèl soti nan tout ras, nan tout klas, san okenn rapò ak kondisyon ekonomik yo oswa pratik kiltirèl yo?
- Ak sipò granmoun yo epi ak bon jan tretman, konsekans abi seksyèl gen sou timoun gen dwa pa tanporè?
Se Doktè Marjorie Lipton ki rasanble enfòmasyon sa yo. Li se direktè pwogram nan “The Journey Institute” ki nan Miami. Ou kab rele l nan nimewo (305) 740-8998.
|
| back to top |
|
|
Fè ti koze ak pitit ou sou abi seksyèl
|
- Chwazi mo timoun nan ka konprann.
- Montre timoun nan non egzat tout pati seksyèl ki nan kò l.
- Bay esplikasyon klè sou sa yo rele fè lanmou ak sa yo rele fè abi seksyèl (egzanp: bay timoun nan yon laj ki apwopriye pou moun konprann sa yo rele fè lanmou; abi seksyèl se yon mal li ye, paske timoun nan pa t vle, oswa li pa t konprann sa l ye epitou se ak riz yo fè l fè l oswa se fòse yo fòse l fè l.)
- Esplike timoun lan se de moun ki vle ki fè lanmou epitou se sitiyasyon ou rankontre lè de moun deja granmoun.
- Esplike timoun nan menm si se pa limenm ki viktim abi seksyèl, men sa konn rive lòt timoun.
- Esplike timoun nan moun sa a gen dwa se yon moun li konnen.
- Esplike timoun lan kèk fwa menm moun “debyen” konn fè move bagay.
- Esplike timoun lan moun ki fè abi seksyèl la gen dwa se yon moun ki ka fè l kado yon bagay, men l ap tann pou timoun nan fè yon lòt bagay an retou. Gen dwa tou se yon moun ki ka fè l menas oswa fè l gen laperèz.
- Pale ak pitit ou sou sekrè. Esplike l diferans ki genyen ant yon sekrè ki fè moun rete nan kè kase, sa vle di se sekrè sou yon move bagay, ak yon sipriz, ki toujou bon.
Se Doktè Marjorie Lipton ki rasanble enfòmasyon sa yo. Li se direktè nan enstiti “The Journey Institute” ki nan Miami. Ou kab rele l nan nimewo (305) 740-8998.
|
| back to top |
|
|
Kouman pou nou pwoteje timoun yo pou yo pa viktim abi seksyèl
|
Timoun nan gen yon vi prive:
- Respekte entimite pitit ou. Lè li nan douch, lè l ap met rad sou li, lè l pa vle moun manyen l, ak lè l ap dòmi (Chak timoun dwe gen kabann pa li.)
- Respekte entimite timoun nan sou plan emosyonèl. Pa egzanp, asepte opinyon li ak sa l santi.
Asepte sa epi konprann sa: timoun nan gen dwa di “Non” lè l pa vle yo touche l:
- Veye ak prekosyon lè yon zanmi oswa yon paran vle anbrase pitit ou oswa ba l akolad yon fason timoun nan pa renmen, menm lè moun sa yo fè sanblan aksyon yo a inosan.
- Kontwole si lòt kanmarad ap aji brital ak pitit ou.
- Si timoun nan plenyen pou yon move esperyans ki rive l, pran sa l di ou a oserye.
Pa kite pitit ou ak lòt moun ou pa fin konnen twò byen:
- Se pou w pran prekosyon ak granmoun k ap pase tan yo ak pitit ou, san sa pa fè pati travay yo.
- Se pou w pridan ak granmoun k ap fè ti jwèt ak pitit ou.
- Ou dwe okouran lè pitit ou pa alèz ak yon granmoun oswa li pa aji kòmsadwa an fas granmoun sa a.
- Se pou w pridan ak granmoun k ap pran dwòg epi k ap bwè toutan.
- Fè atansyon ak granmoun ki aji brital ak lòt granmoun parèy yo oswa ak lòt timoun.
- Pa janm dakò pou yon moun ki te deja nan prizon pou abi seksyèl vin nan lantouraj pitit ou.
- Veye pitit ou epi pwoteje l kont tout “ti koze” lòt timoun ap rakonte kote y ap fè vye jès.
- Si gen lòt timoun nan kay la, se pou ou rete veyatif sou tout konpòtman ki atiran, oswa ki agresif.
Se Doktè Marjorie Lipton ki rasanble enfòmasyon sa yo. Li se direktè pwogram nan “The Journey Institute” ki nan Miami. Ou kab rele l nan nimewo (305) 740-8998.
|
| back to top |
|
|
Lis kote nou kab kontakte pou moun ki viktim abi seksyèl
|
|
Children’s Psychiatric - David J. Markenson Unit Terri Galindo, LCSW, Direktè 430 W. 66th St. Hialeah, Fla. 33012 Telefòn: (305) 558-2480 Faks: (305) 558-0008 Orè: 9 a.m.–8 p.m., Lendi-Vandredi; 9 a.m.-1 p.m. Samdi
Men ki jan ou ka peye: ak Medicaid, selon mwayen ou Moun yo asepte: Moun ki rete nan Miami-Dade ak Monroe ki poko gen 19 an. Lang: Angle ak panyòl Ki jan pou ou pran premye kontak la: Rele pou pran yon randevou Zòn kote sèvis sa a disponib: Miami-Dade ak Monroe.
Terapi pou yon sèl moun, an gwoup, pou yon fanmi, pou gwoup timoun ak paran, terapi pou chanjman konpòtman, terapi akademik, tretman pou timoun ki viktim abi seksyèl, prevansyon pou moun ki anvi touye tèt yo, ak lòt sèvis sosyal anndan kominote a. N ap jwenn sèvis sa yo nan klinik konsiltasyon estèn, nan lekòl oswa lakay nou. Children’s Psychiatric – North Dade Outpatient Juan C. Gonzalez, PhD, Direktè 15490 NW Seventh Ave./Suite 101 Miami, Fla. 33169 Telefòn: (305) 685-0381 Faks: (305) 687-8747 Orè: 8 a.m.–8 p.m. Lendi-Jedi; 8 a.m.–5 p.m. Vandredi; 8 a.m.-1 p.m. Samdi
Men ki jan ou peye: ak Medicaid, selon mwayen ou Moun yo resevwa: Moun ki rete nan Miami-Dade ak Monroe epi ki gen mwens pase 19 an. Lang: Angle, panyòl ak kreyòl Ki jan pou ou pran premye kontak la: Rele pou pran yon randevou Zòn kote sèvis sa a disponib: Miami-Dade ak Broward
Terapi pou yon sèl moun, an gwoup, pou yon fanmi, pou gwoup timoun ak paran, terapi pou chanjman konpòtman, terapi akademik, tretman pou timoun ki viktim abi seksyèl, prevansyon pou moun ki anvi touye tèt yo, ak lòt sèvis sosyal anndan kominote a. N ap jwenn sèvis sa yo nan klinik konsiltasyon estèn, nan lekòl oswa lakay nou. Children’s Psychiatric – Sunset Unit Deborah White, PsyD, Direktè 9380 Sunset Drive/Suite B-120 Miami, Fla. 33173 Telefòn: (305) 274-3172 Faks: (305) 274-0841 Orè: 9 a.m.–8 p.m. Lendi-Vandredi
Men ki jan ou peye: ak Medicaid, selon mwayen ou Moun yo resevwa: Moun ki rete nan Miami-Dade ak Monroe epi ki gen mwens pase 19 an. Lang: Angle ak panyòl Ki jan pou ou pran premye kontak la: Rele pou pran yon randevou Zòn kote sèvis sa a disponib: Miami-Dade ak Monroe
Terapi pou yon sèl moun, an gwoup, pou yon fanmi, pou gwoup timoun ak paran, terapi pou chanjman konpòtman, terapi akademik, tretman pou timoun ki viktim abi seksyèl, prevansyon pou moun ki anvi touye tèt yo, ak lòt sèvis sosyal anndan kominote a. Citrus Health Network – Treating Adolescents Coping with Trauma (TACT) [Pwogram pou jenn moun ki viktim chòk] Kimberly McGrath, Psy.D. Direktè Pwogram 4175 W 20th Ave. Hialeah, Fla. 33012 Telefòn: (305) 825-0300 Faks: (305) 826-3039 Orè: Lendi rive vandredi nan aswè
Men ki jan ou peye: ak Medicaid, selon mwayen ou Moun yo resevwa: Jenn timoun fi kou gason ki viktim abi seksyèl, frè yo ak sè yo epi paran yo Lang: Angle ak panyòl Ki jan pou ou pran premye kontak la: Rele pou jwenn enfòmasyon Zòn kote sèvis sa a disponib: Miami-Dade Tretman an gwoup pou jenn moun fi kou gason ki viktim abi seksyèl. Gen lòt seyans tou ki fèt alafwa pou gwoup paran, gwoup frè ak sè timoun ki viktim abi seksyèl, ansanm ak gwoup viktim abi seksyèl yo menm.
Jackson Memorial Hospital – Rape Hotline and Treatment Center (Seksyon sant tretman pou moun ki sibi kadejak) Gretchen Betlem, RN, Administratè 1611 NW 12th Ave. Miami, Fla. 33136-1094 Telefòn: (305) 585-5185 Faks: (305) 585-7560 Orè: 24 sou 27, 7 jou pa semèn.
Men ki jan ou peye: Anyen Moun yo resevwa: nenpòt ki moun ki bezwen sèvis sa a (pa gen limit nan laj moun nan). Lang: Angle, panyòl ak kreyòl. Ki jan pou ou pran premye kontak la: Pa plis pase 3 jou apre agresyon an. Fè yon koutpye oswa rele pou pran yon randevou. Zòn kote sèvis sa a disponib: Tout kote.
Evalyasyon medikal ak tretman pou moun ki viktim vyolans seksyèl, epi yo bay konsèy pou moun ki viktim vyolans seksyèl ak lòt moun ki pwòch yo. The Journey Institute Felicia Meyer, Direktè egzekitif. 7412 Sunset Drive Miami, Fla. 33142 Telefòn: (305) 740-8998 Orè: 9 a.m.–8 p.m., Lendi-Vandredi.
Men ki jan ou peye: Selon mwayen ki genyen pou timoun, jenn moun, granmoun ki viktim abi seksyèl. Moun yo resevwa: Moun ki te viktim abi seksyèl nan piti ak moun ki la pou ede moun ki te sibi vyolans seksyèl. Lang: Angle, panyòl ak kreyòl Ki jan pou ou pran premye kontak la: Rele pou pran yon randevou. Zòn kote sèvis yo disponib: Miami-Dade County ak Broward.
Konsèy pou gwoup moun ak terapi pou timoun, jenn moun ak granmoun ki te viktim abi seksyèl oswa vyolans seksyèl. Gen sesyon ki dire 14 semèn pou gwoup ki pral travay nan domèn sikoloji, edikasyon ak rekonfò pou timoun ki viktim abi seksyèl. Sèvis sa yo disponib nan Opa-Locka, Hialeah, lavil Miami, Kendall, Homestead, Miami Beach, Coral Gables epi nan Sid Miami. Yo fè seyans tou pou edikasyon kominotè. Kristi House Moun pou n kontakte: Lissette Perez 1265 NW 12th Ave. Miami, Fla. 33136 Telefòn: (305) 547- 6800 Faks: (305) 547-6814 Orè: 8:30 a.m.–5 p.m.
Men ki jan ou peye: Sèvis gratis Moun yo resevwa: Timoun soti laj 1 an rive 18 an ki te viktim abi seksyèl epi ki di yo te viktim abi seksyèl nan kat dènye mwa ki sot pase yo. Gen sèvis sikyatri ki disponib tou. Lang: Angle ak panyòl Ki jan pou ou fè premye kontak la: Rele pou pran yon randevou. Zòn kote sèvis sa a disponib: Miami-Dade
- Gwoup paran an panyòl chak jedi ant 6 ak 7:30 p.m.
- Gwoup tigason ann angle ak an panyòl chak jedi ant 4 ak 5 p.m.
Terapi pou moun oswa pou gwoup moun epi gen sèvis ki chita sou ka timoun ki viktim abi seksyèl. Gen lòt sèvis tou pou ede fanmi yo tankou teknik edikasyon ak prevansyon. University of Miami Child Protection Team Moun pou n kontakte: Catherine Grus, PhD, Direktè 1150 NW 14th St./Suite B-212 Miami, Fla. 33136 telefòn: (305) 243-7550 Orè: 8 a.m–5 p.m. Lendi-Vandredi
Men ki jan ou peye: Anyen Moun yo resevwa: Moun ki viktim abi seksyèl depi laj 4 an rive 18 an. Lang: Angle, panyòl Ki jan pou ou pran premye kontak la: Rele pou pran yon randevou. Y ap fè yon evalyasyon sikolojik pandan premye vizit la. Zòn kote sèvis sa a disponib: Miami-Dade
Yo fè terapi pou timoun ki te viktim abi seksyèl.
|
| back to top |
|
|
Mit ak reyalite sou abi seksyèl kont timoun
|
|
Abi seksyèl se yon sijè ki neye nan sekrè ak lawonte. Se pa sijè ki fasil pou moun bòde. Men kèk lide ki chita sou move konprann ki ka anpeche nou regle pwoblèm chòk sa a kapab lakòz:
Mit # 1: Yon konpòtman seksyèl ki pa gen vyolans ladan, ant yon timoun ak yon granmoun se pa yon mal li ye pou timoun nan. Reyalite: Tout moun ki viktim abi seksyèl viv nan lawonte, kòlè ak lide yo koupab, menm si pa gen okenn siy vizib ki montre sa nan konpòtman yo.
Mit # 2: Moun ki viktim abi seksyèl se tankou yon "byen ki andomaje". Kon sa, lavi yo gate nèt pou toutan. Reyalite: Menm si abi seksyèl se yon chòk ki devaste moun, viktim yo pa “byen ki andomaje” pou sa. Yo ka geri pi fasil, lè moun ki pwòch moun ki viktim abi seksyèl la kanpe avè l, yo pran dispozisyon ki nesesè san pèdi tan, epi yo fè timoun sa a ak tout fanmi l suiv bon an
Mit # 3: Timoun ki viktim abi seksyèl konn fè abi seksyèl sou lòt moun lè yo grandi. Reyalite: Menm si kèk fwa, gen rapò ki montre kèk moun ki fè abi seksyèl se moun ki te viktim abi seksyèl lè yo te timoun, pa gen anpil moun ki fè abi seksyèl ki te sibi abi seksyèl lè yo te piti.
Mit # 4: Tout moun ki fè abi seksyèl se gason; tout viktim yo se fi. Reyalite: Menm si pi fò moun ki fè abi seksyèl se gason, se pa yon bagay ki fin twò ra pou n jwenn fi ki fè abi seksyèl tou.
Mit # 5: Moun ki fè abi seksyèl se yon moun ki etranj oswa yon enkoni ki danjere. Reyalite: Sou chak senk ka kote gen abi seksyèl ki fèt sou timoun, gen kat ladan yo se yon moun timoun nan konnen, e anpil fwa se yon fanmi oswa yon zanmi fanmi an.
Mit # 6: Gen dwa se manti yon timoun ap bay lè li akize yon moun kòmkwa li ta fè abi seksyèl sou li. Reyalite: Anpil fwa, timoun pa konn anyen sou koze abi seksyèl toutotan li pa twouve l nan yon sitiyasyon kon sa.
Mit # 7: Rezon ki fè kèk timoun viktim abi seksyèl se paske yo atiran oswa yo te vle sa. Reyalite: Konpòtman yon timoun ki atiran pa kòz anyen. Moun ki fè zak abi seksyèl la reskonsab a 100 pou 100.
Mit # 8: Si timoun nan pa t vle, li te kab di “Non”. Reyalite: Yo toujou fè timoun konnen yo dwe respekte granmoun epi yo pa dwe poze keksyon. Moun ki fè abi a, se ak otorite l li sèvi, pou l kòwonp timoun nan, pou l kontrenn li ak menas tou.
Mit # 9: Pale de abi seksyèl pral fè timoun nan gen laperèz. Reyalite: Lè timoun nan enfòme sou sitiyasyon an, sa kab gen bon konsekans sou fason li kab reyaji lè moun ki vle fè abi a abòde li. Yon timoun ki konnen kab pwoteje tèt li pi byen, e kon sa li ka evite malè a.
Mi # 10: Timoun ki viktim abi seksyèl gen plis chans pou yo pa gen pwoblèm si yo annik bliye sa k te pase a. Reyalite: Timoun bezwen pou yo pale de chòk yo te resevwa ak move esperyans ki rive yo nan lavi yo ak moun ki kab ede yo konprann se pa fot pa yo si sa te rive. Si yo pa janm pale sou sa, sa fè yo viv ak lawonte nan kè yo.
Se Doktè Marjorie Lipton ki rasanble enfòmasyon sa yo. Li se direktè pwogram nan “The Journey Institute” ki nan Miami. Ou kab rele l nan nimewo (305) 740-8998.
|
| back to top |
|
|
Sa nou ka remake lakay timoun ki viktim abi seksyèl, ak konsekans sa genyen
|
|
Timoun ak jenn moun ki te viktim abi seksyèl:
Gen blesi swa nan bouch, swa nan vajen oubyen nan peni, swa nan dèyè Pipi nan kabann epi poupou sou li Gen twoub somèy/konn fè vye rèv Renmen fè mastibasyon/ fè vye jès ki gen rapò ak konpòtman seksyèl Gen maladi seksyèl ki trapan Konn gen ekoulman (vajen oswa peni) Kite lakay li Eseye chèche touye tèt li/kab touye tèt li Manke bon sans (“santi l kraze”) Pa kab konsantre l sou yon bagay Pran dwòg Fè move chwa nan manje Antre nan aktivite gwoup gang Pa fin klè sou sa l ye (nan zafè sèks) Gen yon konpòtman agresif Li deprime Li pè moun, li pè sèten kote Sendwòm tansyon apre chòk (PTS ann angle)
Granmoun ki te viktim abi seksyèl: Evite sèks oswa li sou sèks toutan Pran dwòg Fè move chwa nan manje Gen twoub somèy Gen doulè, blese oswa malad tanzantan Anvi touye tèt li oswa blese tèt li Konn ap fè vizyon sa ki te pase Gen dwa gen pèt memwa Manke bon sans (“santi l kraze”) Desann tèt li devan lòt Gen kè sote/ deprime Pa fin klè sou sa l ye (nan zafè sèks) Gen difikilte nan relasyon entim Gen pwoblèm etidye, rayi tèt li Pa santi l konekte ak anyen Sendwòm tansyon apre chòk la (PTS ann angle)
Se Doktè Marjorie Lipton ki rasanble enfòmasyon sa yo. Li se direktè pwogram nan “The Journey Institute” ki nan Miami. Ou kab rele l nan nimewo (305) 740-8998.
|
| back to top |
|
|