|
Pwoblèm sante ki gen rapò ak tan ak sekirite
Nan Miami-Dade County, lè tanperati a cho oswa imidite a monte sa ka fè moun dezidrate, sa ka fè moun endispoze ak chalè, chalè a kon fè moun gen kranp. Gen plis chans pou sa rive timoun piti paske ti kò yo poko ka kontwole sistèm tanperati kò yo.
Pou nou evite ka ijan ki gen rapò ak chalè, toujou bay pitit nou yon bagay pou yo bwè; ba yo anpil dlo. Lè timoun nan ap jwe lè fè cho ak lè gen anpil imidite, fè yo jwe pou yon ti bout tan sèlman tanzantan, epi fè yo sispann pou yo ka bwè dlo. Mete rad ki pa two cho ak lou sou yo.
Veye siy sa yo pou w ka konnen lè pitit ou a bezwen èd ou:
- Fè cho anpil.
- Timoun nan vin pal.
- Timoun nan santi tèt li ap vire.
- Timoun nan santi l malad.
- Timoun nan santi li fatige anpil.
- Timoun nan gen kranp.
Si ou remake youn nan siy sa yo nan pitit ou, mennen l yon kote ki fre. Ba li dlo pou l bwè epi ba l tan pou l reprann li pandan li yon kote ki fre.
Si pitit ou a pa santi tout bagay klè pou li, li pap swe oubyen si tanperati kò li plis pase 103° degre, telefone 9-1-1 touswit. Sa yo se siyal endispozisyon chalè lakòz epi sa ka touye timoun nan. Nan ka sa a, mete timoun nan yon benywa dlo fre men pa ba li okenn dlo pou l bwè.
Pa janm kite piti ou nan yon machin ki klete ki pa gen moun ladan li, sa ka lakòz chalè toufe li epi li ka mouri nan yon ti bout tan.
|