|
Plon se ton metal nou jwenn nan plizyè bagay alantou nou (penti, seramik, dlo, tè ak pousyè). Ni oumenm ni pitit ou gen dwa ap manje, bwè oswa respire nan plon. Lè ou vin gen twòp plon nan kò ou, sa rele anpwazònman ak plon.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Ki jan timoun fè gen plon nan kò yo?
Leplisouvan, pousyè ak salte kab gen plon ladan yo. Timoun rive gen plon nan kò yo, apre yo ta fin vale oswa respire pousyè ki kontamine ak plon. Si y ap jwe nan pousyè oswa nan salte, epi apre yo mete men yo oubyen jwèt ki nan men yo nan bouch yo, kon sa y ap lakòz plon antre nan kò yo. Lè timoun ap manje chips ak lòt bagay tankou bonbon ki kolore, plon ka antre nan kò yo. Lè timoun ap jwe ak jwèt ki gen salte epi salte sa yo gen plon ladan yo, sa fè plon antre nan kò yo. Manje ak dlo y ap bwè kapab gen plon ladan yo tou.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Ki mal plon ka fè pitit mwen?
Anpwazònman ak plon pa bon pou sante pitit ou. Li kab lakòz gwo pwoblèm grav a lavni, tankou pwoblèm pou pitit ou aprann lekòl, pou l grandi byen, pou l suiv nenpòt bagay k ap fèt, pou l koute byen… li ka menm vin gen pwoblèm sèvo. Nou ka evite pwoblèm sa yo, si nou anpeche plon antre nan kò timoun nan ak si nou toujou mennen l pran swen medikal.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Ki jan m ap fè pou m konnen si pitit mwen anpwazonnen ak plon?
Gen dwa gen plon nan lantouraj ou epi ou pa konnen, paske plon sa a se pa yon bagay ou kapab wè, ou kapab touche ni santi. Timoun ki gen plon nan kò yo pa parèt malad. Menm timoun ki parèt an bòn sante, ki fè tout aktivite san pwoblèm kapab gen anpil plon nan san yo. Sèl fason pou konnen si pitit ou a gen plon nan san l, se fè yo fè egzamen pou li. Gen dwa pa gen reparasyon pou dega anpwazònman ak plon fè. Se sa k fè ou dwe fè yo fè egzamen pou timoun nan.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Ki jan tès pou detekte plon an fèt?
Yon moun k ap travay nan swen lasante ap annik pran yon ti kantite san nan kò timoun nan. Tès la pa pran plis pase kèk minit.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Èske se timoun tout laj yo dwe teste?
Timoun ki nan laj 1 a 6 an gen plis chans trape anpwazònman ak plon an e se yo pou nou fè teste. Se anvan laj 2 an pou nou fè teste timoun nan, paske se nan laj sa a plon an pi danjere pou sèvo timoun nan. Timoun ki resevwa Medicaid oubyen lòt kalte èd Leta, ki rete nan yon kay ki te bati anvan lane 1950 oubyen ki al nan kay sa a souvan, ki rete nan yon kay ki bati anvan 1978 yo te refè oubyen ki ale nan kay sa a souvan, timoun ki rive Etazini ennan de sa, oubyen ki abitye jwe ak lòt ti kanmarad ki gen plon nan san yo dwe pase yon tès pou detekte plon nan san lè yo gen 1 an, plis yon lòt tès lè yo gen 2 an. Lòt timoun ankò yo dwe teste pou detekte si yo pa gen plon nan san yo, se timoun ki abite nan zòn ZIPKÒD sa yo, oswa ki resevwa swen la: 33125, 33126, 33127, 33128, 33129, 33130, 33131, 33132, 33133, 33134, 33135, 33136, 33137, 33138, 33139, 33140, 33141, 33142, 33144, 33145, 33147, 33150.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Ki jan m ka pwoteje pitit mwen pou l pa pran anpwazònman ak plon?
Gen anpil bagay ou kab fè pou pwoteje pitit ou pou l pa pran anpwazònman ak plon. Toujou lave men pitit la anvan l manje, anvan l al dòmi epi apre li fin jwe deyò. Fè tout manm nan fanmi an wete soulye yo nan pye yo anvan yo antre nan kay la, pou evite kras tè ki kab gen plon ladan yo. Bay pitit ou manje ki gen anpil kalsyòm ak fè. Pa kite pitit ou pwoche pre kal penti. Pran anpil prekosyon lè w ap fè reparasyon nan kay ki te konstwi anvan 1978, paske penti ki nan kay sa yo kapab genyen plon ladan yo. Al mete timoun nan yon lòt kote lè reparasyon sa yo ap fèt. Sonje sa: sèl mwayen pou sèten si pitit ou gen plon nan san l, se fè l fè tès.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Ki kalte travay oswa amizman ki kab fè m tonbe sou plon?
Si w ap travay nan repare machin, repare batri, nan pentire, bati kay, soude oswa koupe asye, fè plonbri, nan lapolis oswa travay sou batiman, ou kab rankontre plon pandan w ap fè bagay sa yo. Si amizman ou se fè lapèch, travay nan machin, pentire, travay nan vit, fè soudi, tire zam, fè modèl machin oswa bato, oubyen si w ap fè potri, ou kab rankontre plon nan ti travay sa yo. Si se travay sa yo w ap fè, se pou w chanje rad ou ak soulye w anvan ou antre lakay ou epi byen lave men w pou ka evite antre ak plon nan kay la epi lakòz maladi a antre sou fanmi ou.
ANPWAZÒNMAN AK PLON: Kouman m ka jwenn plis enfòmasyon epi jwenn yo analize pitit mwen an gratis?
Pou plis enfòmasyon, kontakte (Childhood Lead Poisoning Prevention Program) Pwogram pou konbat anpwazònman plon kay timoun, yon pwogram Depatman Lasante nan Miami-Dade County. Men nimewo pou ou rele a: (305) 324-2414. Gen tès kontwòl gratis yo fè pou timoun ki ant 6 mwa ak 6 an epi ki pa nan pwogram Medicaid ni ki pa gen asirans prive.
|