|
|
|
Nimewo espesyal nou an disponib 24 sou 24 chak jou nan semenn nan: 211
|
|
|
Definisyon
- Konesans jeneral pou granmoun
- Se yon opòtinite pou granmoun aprann sèvi an lang yo pale, aprann li, aprann ekri, aprann metye epi aprann kouman pou yo vin yon sitwayen.
- Ankadre moun ki okipe timoun
- Se devlopman pwogram ak sèvis ki la pou ede pwofesè timoun piti, rive sou la 5 an, ki kòmanse ap aprann li ak ekri.
- Aprann timoun li ak ekri
- Se pwogram ak sèvis yo met sou pye pou ede timoun vin gen ladrès nan lang yo pale, nan aktivite lekti yo ak jan yo ekri. Sa antre nan preparasyon ki fèt pou timoun depi 0 a 17 an.
- Konesans kiltirèl
- Se jan yon moun aprann kwayans tradisyonèl yon gwoup etnik an patikilye oubyen yon gwoup ki gen yon kilti espesifik.
- Aprann viv an fanmi
- Aprann viv an fanmi se aprann tout jan yon fanmi boule ansanm – jan yo antann yo, jan yo kominike youn ak lòt, jan yo aji ak atitid yo genyen.
- Konesan sou fonksyònman fanmi
- Se yon pwogram yo fòme ak kat lòt diferan pwogram pou ede kèk fanmi fonksyone nèt ale. Kat kategori sa yo se (1) opòtinite pou timoun aprann li ak ekri lè yo dwe (2) tan pou paran yo fè aktivite ak pitit yo, (3) ladrès pou paran yo, ak (4) paran k ap aprann li ak ekri.
- Teknik lekti ki pèmèt yon moun fonksyone nan sosyete a
- Kapasite yon moun pou li konprann epi pou l sèvi ak enfòmasyon nan aktivite l ap mennen chak jou, lakay li, nan travay li epi nan kominote a.
- Alfabetizasyon global
- Se kapasite pou yon moun aprann li, aprann ekri, aprann pale, konn fè kalkil epi konn kouman pou rezoud kèk pwoblèm nan lavi li kòrèkteman.
- Alfabetizasyon
- Se konn kouman pou li ak ekri nan lang matènèl ou.
- Aprann devlope ladrès kòm paran
- Se yon seri pwogram ki ede paran konprann kouman wòl yo enpòtan kòm premye pwofesè pitit yo epi kouman pou yo pran avantaj nouvo dekouvèt ki ka ede pitit yo viv ak kè kontan, jwenn anpil siksè nan lavi yo epi viv byen.
- Ankadre pwofesè
- Se devlopman pwogram ak sèvis ki la pou ede pwofesè timoun, 6 a 18 an, ki kòmanse ap aprann li ak ekri.
- Bay leson
- Èd yo mete aladispozisyon kèk elèv, ba yo leson oubyen travay avè yo yon fason espesyal.
Paj Prensipal
|
|