|
|
| Pwogram pou timoun kòmanse lekòl bonè |
|
|
| |
|
De ki lè a ki lè pwogram Head Start yo ouvè?
|
|
Pwogram Head Start ouvè a 7:30 a.m. pou 4 p.m. nan kote ki gen tout fasilite pa yo, men de 7:30 a.m. rive 3:30 p.m. nan pwogram ki nan lekòl leta Miami-Dade yo.
|
| back to top |
|
|
Èske nan pwogram Head Start yo yo bay transpòtasyon.
|
|
Transpòtasyon an limite.
Head Start pa bay transpòtasyon pou timoun ki andikape.
Paran yo ta dwe enskri timoun yo nan pwogram ki nan zòn yo oubyen se pou yo ta rezoud pwoblèm transpòtasyon an yo menm.
|
| back to top |
|
|
Èske pwogram Head Start yo fonksyone avan lè lekòl epi apre lè lekòl?
|
|
Gadri avan lekòl epi apre lekòl se yon bagay ki limite epi se sèten pwogram sèlman ki ofri sa.
Paran yo ta dwe tcheke ak travayè sosyal nan pwogram nan pou yo konnen si pwogram sa a ofri sèvis sa yo.
|
| back to top |
|
|
Èske pwogram Head Start yo gen sèvis pou tibebe ak timoun piti?
|
|
Pwogram Head Start ki pou timoun piti ak tibebe ofri sèvis pou timoun laj sa yo.
Nan Miami-Dade County maksimòm timoun pwogram sa yo kapab pran se 160 timoun.
Gen yon lis pou moun ki vle mete pitit yo nan pwogram nan. Ou kab telefone nan (305) 347-4622 pou w mande enfòmasyon.
|
| back to top |
|
|
Ki kote mwen kab jwenn yon aplikasyon ki kab ban m plis enfòmasyon sou sa pwogram Head Start ye?
|
|
Gen aplikasyon nan tout sant Head Start yo.
Pou w jwenn yon sant Head Start nan kominote w la, telefone Miami-Dade Head Start nan (305) 347-4622.
Travayè sosyal nan sant lan oubyen moun k ap dirije sant lan kab ba w enfòmasyon sou pwogram nan tankou: ki sa yo mande. Sou ki kritè yo fè seleksyon yo a epi ki posesis pou suiv pou kesyon aplikasyon an.
Yo kab poste enfòmasyon sa yo ba wou tou si w vle.
|
| back to top |
|
|
Ki sa Head Start ye?
|
|
Head Start se yon pwogram pou devlopman timoun gouvènman federal finanse ki konplè. Pwogram sa a se pou tibebe ki fèk sot nan vant rive nan laj senkan.
Pwogram nan bay ni timoun nan ni paran li sèvis nan domèn edikasyon, nitrisyon, swen medikal, tretman dan, ak swen pou maladi mantal epi swen pou moun ki andikape.
Yo bay sèvis sa yo nan kontèks patisipasyon paran nan aktivite ki pou fè li vin endepandan.
|
| back to top |
|
|
Ki sa mwen ta dwe fè pou m mete pitit mwen an nan yon pwogram Head Start?
|
|
Fin ranpli aplikasyon an
Men sa pou w genyen pou w aplike:
- Batistè pitit la.
- Papye doktè pitit la, prèv rezilta tès pou tibèkiloz.
- Dosye tout vaksinasyon
- Kat sosyal timoun nan oubyen dokiman ki gen nimewo sosyal li.
- Kat mediked timoun nan.
- Prèv valè lajan ou fè pandan 12 mwa ki sot pase yo oubyen ane pase. Men dokiman ou bezwen prèv enpo ou te peye nan ane ki pase a, souch chèk ou, yon papye ki di ki kantite kòb w ap resevwa nan TANF (Asistans tanporè pou fanmi ki nan bezwen) oubyen sa ou touche nan sosyal, lèt ki montre kòb ou jwenn chak mwa pou timoun, ak yon lèt travay.
- Yon pyès didantite tankou lisans ou, oswa yon kat didantite leta Florid ba wou, kat pou "food stamp" oswa kat didantite nan kote w ap travay la.
|
| back to top |
|
|
Ki sa pitit mwen an pral aprann nan pwogram Head Start la?
|
|
Kouman pou li pataje sa k genyen ak lòt timoun epi kouman pou li jwe ak lòt timoun epitou l ap evolye nan yon bon anviwonman ki kab pèmèt li kòmanse aprann li, aprann ekri epi aprann konte.
|
| back to top |
|
|
Konbyen kòb yon pwogram Head Start koute?
|
|
Ou pa bezwen peye pou sèvis Head Start la, men ou ka oblije peye yon ti kòb pou sèvis avan lekòl epi apre lekòl (si yo bay sèvis sa nan kote ou mennen pitit ou a.)
|
| back to top |
|
|
Si m mwen bwote epi pitit mwen an nan yon pwogram Head Start, èske li kab al nan yon lòt sant?
|
|
Wi, si gen plas nan pwogram kote ou vin rete a.
Telefone Travayè sosyal nan nouvo pwogram ou vle mete pitit ou a pou w mande pou yo transfere li.
Travayè sosyal kote ou vle transfere pitit ou a ap telefone w ak moun nan pwogram Head Start la lè vin gen yon plas.
|
| back to top |
|