|
|
| Swen nan lekòl piblik |
|
|
| |
|
Ki lè yo kòmanse enskri timoun pou preskolè?
|
|
Nan chak lekòl gen aplikasyon pou pwogram preskolè yo e yo resevwa aplikasyon yo ant mas ak me.
Pifò lekòl chwazi elèv y ap pran yo depi nan fen me epi yo avize paran yo depi nan kòmansman mwa jen.
Ou kapab al enskri pitit ou a lekòl osito ou jwenn yon avi.
Tcheke ak lekòl ki nan zòn ou an pou w kab jwenn plis enfòmasyon.
|
| back to top |
|
|
Ki sa piti mwen an ta dwe fè pou li antre nan yon pwogram preskolè?
|
|
Tou depan de pwogram nan.
Pou tout pwogram, timoun nan fèt pou li gen katran avan premye sektanm nan ane l ap antre lekòl la.
Nan pifò pwogram, timoun nan fèt pou li rete nan zòn lekòl la.
Gen lòt pwogram ki gen kritè ekonomik.
Telefone lekòl ki nan zòn ou an pou w kab jwenn enfòmasyon ki pi klè sou sa.
Pou w jwenn lekòl ki nan zòn ou an telefone Miami-Dade County Public Schools' Map Room nan (305) 883-5651.
|
| back to top |
|
|
Lekòl ki nan zòn mwen an pa gen yon pwogram preskolè. Ki kote mwen kab enskri pitit mwen an pou yon pwogram preskolè?
|
|
Enskri pitit ou a nan yon lekòl ki nan zòn ou an si gen plas ladan pou li.
Pou jwenn lekòl ki nan zòn ou an, telefone Miami-Dade County Public Schools Map Room nan (305) 883-5651.
Si pa gen lekòl nan zòn ou an ki gen plas pou pitit ou a nan preskolè telefone Ajan resous ak referans pou swen pou timoun pou w tcheke sibvansyon pou gadri pou timoun.
Si w rete Aleya, Opaloka oubyen pi wo NW 151 telefone Family Central nan (305) 908-7300 oubyen si ou rete pi ba NW 151 rele Sèvis pou devlopman timoun nan Miami-Dade Child nan (305) 373-3521.
|
| back to top |
|
|
Mwen aplike pou yon pwogram preskolè nan lekòl ki nan zòn mwen an, men non pitit mwen pa soti nan lotri a. Kounye a ki sa mwen dwe fè ak timoun nan?
|
|
Enskri pitit ou a nan yon lekòl ki nan zòn ou an si gen plas ladan.
Pou jwenn lekòl ki nan zòn ou an, telefone Miami-Dade County Public Schools Map Room nan (305) 883-5651.
Si pa gen lekòl nan zòn ou an ki gen plas pou pitit ou a nan preskolè telefone Ajan resous ak referans pou swen pou timoun pou w tcheke sibvansyon pou gadri pou timoun.
Si w rete Aleya, Opaloka oubyen pi wo NW 151, telefone Family Central nan (305) 908-7300 oubyen si ou rete pi ba NW 151 rele Sèvis pou devlopman timoun nan Miami-Dade Child nan (305) 373-3521.
|
| back to top |
|
|
Mwen peye taks. Pou ki sa mwen oblije peye lekòl preskolè nan lekòl leta?
|
|
Menm si gen pwogram preskolè nan lekòl leta, se pa ak kòb taks yo finanse l se ak lajan loto ak ti lajan paran yo peye daprè valè kòb fanmi an ap fè.
Pwogram preskolè ki genyen nan kominote a se lajan paran yo peye ki finanse yo.
Pwogram preskolè Title I yo se lajan gouvènman federal ki finanse yo, paran yo pa genyen pou yo peye anyen.
|
| back to top |
|
|
Mwen te al nan lekòl bò lakay mwen an pou m al enskri nan pwogram preskolè a pou pitit mwen an epi madanm nan di m se pou m nan wèlfè pou pitit mwen an nan pwogram sa a. Èske sa vle di fòk mwen pòv pou pitit mwen kab jwenn yon bon edikasyon lekòl? Sa a pa jis.
|
|
Gen kèk pwogram preskolè ki mande pou fanmi yo bay prèv yo bezwen sibvansyon pou pitit yo kab jwenn manje midi gratis oubyen pou yon pri pi ba.
Gen yon pwogram ki mande pou yon paran travay oubyen pou li patisipe nan pwogram Travay pou w kapab vin gen endepandans ekonomik (WAGES)
Paran ki nan kèk pwogram kab oblije peye yon ti kòb selon valè lajan yo touche.
Pou w konnen si w kalifye pou pwogram sa yo ranpli fòm pou jwenn manje midi a pou pwogram preskolè a.
Gen lòt pwogram ki pa mande ki valè lajan moun fè. Nan pwogram sa yo, paran an ap peye sa yo mande l la.
|
| back to top |
|
|
Pitit fi m nan gen twazan epi li fò anpil. Èske gen yon egzamen yo kapab ba li pou yo wè si li ta kab antre nan preskolè bonè?
|
|
Yo pa ka bay pitit ou a okenn egzamen avan li rive laj lalwa mande pou li kab al lekòl.
Tout timoun k ap antre preskolè fèt pou yo gen katran avan premye sektanm nan ane y ap enskri a.
|
| back to top |
|
|
Pitit mwen an gen katran. Li te gradye nan preskolè nan yon lekòl prive. Èske y ap pèmèt li kontinye nan lekòl leta? Mwen pa ta renmen pitit mwen double preskolè a.
|
|
Lalwa eta Florid di tout timoun fèt pou yo antre jadendanfan si yo gen senkan anvan premye sektanm. Si pitit ou a kalifye selon kritè sa yo ou dwe mete l nan jadendanfan nan yon lekòl piblik.
|
| back to top |
|
|
Pitit mwen an pral gen senkan le 5 septanm epi li te fini klas preskolè nan lekòl leta nan Eta Nouyòk. Li te pase pou jadendanfan men li pa t ale lekòl paske nou te bwote èske pitit mwen an ap kab antre nan jadendanfan isit?
|
|
Lalwa Eta Florid di laj pou yon timoun antre nan jadendanfan se senkan epi fò l gen laj la avan premye sektanm. Fòk pitit ou a kalifye dapre kritè sa yo pou l kab antre nan jadendanfan isit.
|
| back to top |
|
|
Sa k fè tout lekòl pa gen yon pwogram preskolè?
|
|
Pa gen pwogram preskolè pou tout timoun katran menm jan gen pwogram jadendanfan pou timoun senkan, paske pa gen ase lajan pou tout lekòl ta gen yon pwogram preskolè.
Menm si ta gen ase lajan pou tout lekòl ta gen pwogram preskolè pa yo, gen lekòl ki pa gen ase espas pou yo ta fè yon pwogram kon sa.
|
| back to top |
|