David Lawrence Jr. pran retrèt li an 1999 pandan li tap travay kòm moun ki te anchaj pibliye jounal Miami Herald, pou l al travay nan domèn devlopman ak preparasyon timoun bonè. Se li ki prezidan fondasyon “The Early Childhood Initiative Foundation” ak “University Scholar for Early Childhood Development and Readiness” nan Inivèsite Florida. Gouvènè Charlie Crist nonmen li kòm manm Kabinè nan afè timoun an 2007. An 2002 li mennen yon kanpay pou tabli fon ki rele “The Children’s Trust”. Se yon fon espesyal yo tabli pou ede devlopman timoun piti nan Miami-Dade; 85% moun te vote pou kontinye fon sa an 2008. Se li ki “Manm fondatè” òganizasyon sa a. Gouvènè Jeb Bush te nonmen li pou l dirije komisyon Patenarya Eta Florid pou Prepare timoun pou lekòl (Florida Partnership for School Readiness). Li dirije komisyon sa a 2 fwa. L ap travay kòm manm Fondasyon pou devlopman timoun nan Nouyòk (Foundation for Child Development in New York) epi li travay tou kòm manm Komisyon pou òganizasyon sa a (Frank Porter Graham Child Development Institute of the University of North Carolina-Chapel Hill). An 2002- 2003 li te dirije komisyon Gouvènè a (Governor’s Blue Ribbon Panel ) sou kesyon Pwoteksyon timoun. Nan ane 2002, li te yon manm kle ki ede yo pase yon amannman konstitisyonèl nan tout Eta Florid la pou mete pwogram pou timoun anvan yo antre nan kindègadenn sou pye pou tout timoun ki gen 4 an. Li se yon manm komisyon Kowalisyon ki ede prepare timoun pou yo kòmanse aprann bonè nan Miami-Dade ak Monnwo " Early Learning Coalition of Miami-Dade and Monroe” epi li se yon ansyen dirijan komisyon sa a. An 2006 yo ouvè yon lekòl leta premye ane a 8èm ane ki pote non li “The David Lawrence Jr. K-8 Public School” anfas Inivèsite Entènasyonal Florid la. Gen yon Pozisyon pou moun ki fè etid sou edikasyon timoun bonè ki fèt sou non li nan Depatman Edikasyon nan Inivèsite Florida, gen yon fon ki disponib pou toujou peye moun nan pozisyon sa a`.
Avan li vin Miyami an 1989, se li ki te anchaj fè pibliye jounal “Detroit Free Press” epi se li ki te editè egzekitif jounal sa a. Avan sa li te travay kòm editè nan jounal “Charlotte Observer” epi anvan sa tou li te travay kòm jounalis epi kòm editè pou 4 lòt jounal. (Pandan li te anchaj pibliye Jounal Miami Herald la, jounal la genyen prim “Pulitzer” a 5 fwa.)
Li diplome nan Inivèsite Florid epi yo te nonmen li “Etidyan Jounalis diplome esepsyonèl”. Apre sa li diplome nan pwogram Administrasyon Avanse nan Fakilte biznis nan Inivèsite Harvard. An 1988, li resevwa pi gwo meday Konpayi “Knight-Ridder” ka bay, Meday d Ò John S. Knight la. Li gen 12 diplòm inivèsite yo ba li pou onore li, youn ladan yo se inivèsite kote li te lekòl la ki ba li l, “University of Florida”. Nan onè yo fè li sou plan nasyonal li resevwa gwo onè Ida B, Wells « pou bon egzanp li trase kòm lidè nan jan li bay moun ki nan minorite a travay » ak onè Asosiyasyon Nasyonal Egzekitif ki manm Minorite a ( National Association of Minority Media Executives) “pou sa li akonpli nan vi li pou jan li travay ak tout kalite moun." Men kèk nan prim li resevwa yo: Prim pou premye amannman nan men Fondasyon « Scripps Howard Foundation” ak prim “Inter American Press Association Commentary Award”. Li dirije Gwoup ki te travay sou kesyon Moun ki nan minorite nan Biznis Jounal la. Se li ki te prezidan gwoup Sosyete Ameriken Editè jounal la an 1991-1992 epi se li ki te prezidan Asosiyasyon Laprès Ameriken an 1995-1996.Yo vin rekonèt li nan pami pi gran jounalis nan Florida Newspaper Hall of Fame an 2010.
Men nan ki komisyon li patisipe: Komisyon Mize d A Miami an « Miami Art Museum » , Younaytedwe “United Way” ak komisyon lekòl « New World School of the Arts” ( Li te dirije chak komisyon sa yo), ak komisyon “University of Florida Foundation”. Se li ki te dirije komisyon "Abraham Lincoln Bicentennial Foundation". Se li ki te dirije komisyon « Readiness Committee » a, pandan li te manm Komisyon Gouvènè a sou afè edikasyon. Li te Asistan dirijan Somè Amerika (Summit of the Americas) an 1994, nan zòn lokal la. Li ede fonde yon lekòl metye teknik nan Pòtoprens, Ayiti. Se yon lekòl ki pa la pou l fè lajan. Li se dirijan Komisyon sa a nan Inivèsite Florid (University of Florida Regional Council).
Li menm ak Roberta (Wobèta), rete Coral Gables epi yo gen 3 pitit fi, 2 pitit gason ak 4 pitit pitit. Roberta pran diplòm metriz li kòm travayè sosyal nan BarryUniversity (Inivèsite Bari). Men enpe nan onè li resevwa: òganizasyon Family Counseling Services ba li onè “Meyè Fanmi pou ane a”, òganizasyon South Florida Father’s Day Council. Ane pase li resevwa prim “Meyè Imanitè pou ane a” nan men Lakwawouj Amerikèn ak Beacon Council ansanm ak prim Henry M. Flagler Award la pou kategori Dirijan ki wè lwen, nan men Greater Miami Chamber of Commerce (Chanm Komès Miyami an). Ane sa a, li menm ak madanm ni Wobèta resevwa onè Laudare Medal for Outstanding Service (Meday onè pou sèvis estwòdinè) Inivèsite Bari a. Sou plan nasyonal, yo onore li ak prim American Public Health Association Award of Excellence (Prim Bon Travay Asosiyasyon Amerikèn pou Sante Piblik), ak prim Lewis Hine Award for Children and Youth (Prim Lewis Hine pou timoun ak jenn moun) epi ak prim “Children’s Champion” (Defansè Timoun) nan men National Black Child Development Institute (Enstiti nasyonal pou devlopman timoun nwa).
Dave Lawrence honored as Humanitarian of the Year by the Red Cross