|
Dat yo pibliye atik la: Wednesday, September 12, 2001
Enfòmasyon ki soti nan atik yo:CNN
Moun ki pibliye atik la:CNN ap diskite 12 septanm ak koze timoun yo ak Dr.
Klike la a pou w li atik orijinal la.
BETHESDA, Maryland (CNN) Kouman pou nou pale ak timoun sou
trajedi
madi a? Kouman nou kab bay yo asirans nan lavi a epi esplike yo sa ki
te fèt la? Kathy Slobogin yon jounalis CNN ap pale ak Dr. Jeffrey
Mitchell, ki yon espesyalis nan kesyon moun ki twomatize e ki alatèt
Fondasyon entènasyonal pou ensidan kritik ak estrès. Òganizasyon sa a
fòme plizyè milye moun ki travay nan domèn dezas.
CNN: Nan yon jou tankou jou sa a, gen yon pakèt paran ki
gen laperèz e ki santi yo pa kab fè anyen. Ki konsèy ou kapab bay
paran yo sou kouman yo kab pale ak pitit yo de sa?
Dr. Jeffrey Mitchell: M panse youn nan bagay ki pi
enpòtan se
pou paran yo ta pran san yo malgre sitiyasyon, epi pou yo mete tèt yo
an plas, pase timoun yo ap reyaji selon jan yo wè paran yo aji.
Kidonk li enpòtan pou paran yo rete kam. Epi se pou yo kenbe menm orè
yo. Yo dwe kontinye manje a menm lè yo konn abitye manje. Timoun yo
dwe al dòmi a lè yo konn abitye al dòmi an.
Yo ta dwe pale ak pitit yo. Fè yo konnen yo an sekirite. Fòk yo fè
timoun yo konnen, sa a se pa yon ensidan ki ap rive nan ri kote yo
rete a, oubyen sou katye lakay yo a, oubyen lakay yo a menm.
CNN: Èske ou ta dwe di timoun yo yo an sekirite toutbon
vre?
Mitchell: M panse sou baz familyal ou ta fèt pou di yo sa
se pa
tout fanmi Ozetazini ki menase, epi yon bagay kon sa se pa yon bagay
ki pral fèt anndan kay tout moun.
CNN: E si yon timoun mande paran yo, "Kouman yon bagay kon
sa fè rive? Peyi sa a ta dwe peyi ki pi pisan epi ki gen plis
sekirite pase tout lòt peyi sou latè”?
Mitchell: Se youn nan bagay yon paran kapab di –Youn nan
pi gwo
bagay Etazini gen nan li, li se yon sosyete kote moun gen libète.
Etan yon sosyete ki gen anpil libète nou pa nan siveyans tout tan.
Nou pa gen sèvis entèlijans anpil lòt peyi genyen. Kidonk ak tou
libète sa yo nou vin vilnerab. Men sosyete ki pisan e ki gen anpil
libète se yo ki toujou genyen batay la.
CNN: Nou menm ki granmoun nou gade evenman sa yo nan
televisyon, nou ka pran chòk la, men, pou timoun yo, se bagay ki
kapab fè yo pè. Èske nou ta dwe etenn televizyon an?
Mitchell: Mwen menm mwen rekòmande pou nou ta etenn
televizyon
an, li pou timoun yo, jwe jwèt ak timoun yo epi ba yo lòt okipasyon.
M pa kwè nou ta dwe pretann pa gen anyen k te rive... men an menm tan
m kwè nou ta dwe di yo gwo zak sa a fèt, men lavi a ap kontinye epi n
ap fè tout sa nou kapab pou nou pwoteje w epi pwoteje fanmi an, epi
di yo pawòl ki fè tout moun met tèt ansanm nan fanmi an.
CNN: Ki jan sa kab afekte yon timoun lè li plede ap gade
foto gwo bilding ki ap tonbe?
Mitchell: Opwennvi newolojik timoun byen ekipe pou yo
kòlte ak
gwo chòk sikolojik sa yo, lè yo wè bagay kon sa, sa kab sanble ak kèk
fim yo konn abitye wè nan televizyon. Eksepte nan ka sa a moun yo pa
leve kanpe pou yo al jwe yon lòt fim. Nan ka sa yo blese oubyen yo
mouri paske yo mouri toutbon. Sa kab yon gwo chòk pou timoun nan lè l
ap wè foto sa yo nan televizyon. Yo pa kab konprann pou ki rezon tout
evenman sa yo pase...Se sa k fè mwen pa sijere pou nou kite timoun
gade televizyon twòp nan epòk sa a.
CNN: Ki mòd konpòtman yon paran kab atann nan men yon
timoun nan epòk sa yo?
Mitchell: Timoun kab pèdi apeti yo. Yo kab rekòmanse pipi
nan
kabann, yo kab konpòte yo mal, yo kab bay pwoblèm disiplin. Yo kab
vle dòmi nan chanm manman yo ak papa yo. Sa kab dire de ou twa jou.
Kon sa, kapab gen kèk chanjman nan sa ki konn abitye fèt jiskaske vin
gen yon kam nan bagay sa a.
Yo kab fè desen sou koze sa a e se yon bagay ki kab ede yo, pou yo
esprime tèt yo, kite yo fè desen sa yo pou yo montre jan yo menm yo
entèprete sa k ap pase nan lemonn kounye a.
Nan yon moman kote tout bagay sanble y ap chanje pou tout tan, Doktè
Mitchell di timoun bezwen konnen gen yon bagay yo kab konte sou li.
Mitchell: Timoun bezwen moun pou ba yo akolad. Yo bezwen
moun ki
pou kenbe yo. Yo bezwen konnen si lemonn ap kontinye fonksyone. Yo
bezwen konnen ap gen yon avni. Epi latè ap toujou la pou yo.
Paj sa yo ap ouvè nan yon nouvo fènèt nan pwogram entènèt ou a. Fondasyon Early Childhood Initiative pa sipòte lòt sit entènèt ou al ladan yo pandan ou sou sit li a.
|