|
Overview | The Early Childhood Initiative Foundation | Dave Lawrence Bio | The Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe | Miami-Dade Family Learning Partnership | The Children's Trust | The Children’s Movement of Florida | United Way Center for Excellence in Early Education
| Misyon nou |
| Misyon nou se pou nou asire nou tout timoun nan Miami-Dade County jwenn atansyon kominote a, angajman ak resous kominote a. Kon sa, yo kapab devlope kapasite yo onivo entelektyèl, onivo emosyonèl, onivo sosyal ak onivo fizik. Sa ap pèmèt yo pare pou y aprann, sa ap pèmèt yo anvi aprann letan pou yo kòmanse al lekòl. |
|
Jan nou koumanse
Miami-Dade se pi gwo depatman jewografi nan Eta Florid la; li gen 2.5 milyon moun epi li pi gwo tou pase 16 lòt Eta. Se li ki tankou baz pou sa moun konsidere deplizanpli tankou modèl tout peyi a dwe suiv pou bon jan kalite preparasyon timoun pou lekòl depi nan bonè. Dapre estatistik, Miami-Dade se zòn ki pi divèsifye nan Etazini. (65% moun k ap viv nan Miami-Dade se panyòl, 22% se moun nwa, 18% se blan ki pa panyòl; epitou plis pase mwatye moun k ap viv la fèt nan lòt peyi). Atout Miami-Dade gen anpil richès, se li ki genyen plis moun ki pa gen metye, ki pa fè anpil etid epitou se li ki pi pòv pase tout lòt kote nan peyi a. An Janvye 1999, yo te koumanse yon jefò nan tout kominote a an favè tout timoun nan kominote a depi lè yo fèt rive nan laj pou y al lekòl.
Òganizatè prensipal la se te David Lawrence Jr., prezidan fondasyon yo rele: “The Early Childhood Initiative Foundation.” Lè fini tou, li te yon lidè nan òganizasyon sa yo: The Children's Trust, Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe ak Florida Partnership for School Readiness, epi li se manm kabinè gouvènè a, pou kesyon timoun ak jenn moun. Se li tou ki pote tit "University Scholar for Early Childhood Development and Readiness" nan “University of Florida”. Se yon koup ki renmen bay epi ki renmen kominote yo, Doktè Jane ak Jerry Katcher, ki te parèt ak lide pou yo fonde “Early Childhood Initiative Foundation”. De moun sa yo kwè de twa premye ane anfans timoun yo gen yon enpòtans espesyal pou avni timoun yo ak avni kominote a. Fanmi Katcher te bay premye finansman pou mete baz fondasyon an kanpe, epi apre sa fondasyon an fè maraton pou resevwa plis lajan pou travay l ap fè.
Pandan Somè timoun yo majistra a te òganize an 1999 la, 4 500 moun te vote pou yo ka vini ak yon plan batay ki mache pou tout kominote a. Te gen yon gwo kanpay sansibilizasyon ki te fèt an 2001 pou paran ak moun k ap bay timoun swen.
Pami gwo patnè nou genyen yo, nou jwenn “United Way”, Lekòl piblik Miami-Dade yo, “Healthy Start Coalition” (ki plis chita sou sante tibebe ak manman yo), “The Children's Trust”, “Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe” ak “Miami-Dade Family Learning Partnership”.
Men sou ki sa nou travay:
Nou chache moute yon mouvman ki anglobe tout timoun, tout fanmi. Sa se pa bagay ki konsène timoun “sa yo”, men li konsène “pitit tout moun”. N ap travay sou diferan domèn. Sa pa gen lontan, nou anbake nan mouvman timoun Florid ki rele “The children’s Movement of Florida”.
The Children’s Movement of Florida:
 |
“The Children’s Movement of Florida” se yon mouvman de baz ki pa mache dèyè okenn pati, sitwayen yo mete kanpe, pou fòme lidè politik, lidè antrepriz ak lidè edikasyon sivik nan tout Eta a, yon fason pou fè timoun nan Eta Florid vin okipasyon nimewo 1 pou tout moun. Mouvman sa a se Lawrence, prezidan “The Early Childhood Initiative Foundation” nan ki te dirije li. “The Children’s Movement of Florida” ap chèche mete aktivite ki gen pwa pou jèn sitwayen nan Florid. Ak yon komite pilotaj ki nan tout Eta a epi ki fòme ak 28 gwo lidè antrepriz, lidè politik ak lidè sivik, “The Children’s Movement” gen patisan tou de pati yo – 12 Demokrat, 13 Repibliken ak 3 manm endepandan. Se yon bagay ki fèt tout espre.
Nan mwa septanm 2010, “The Children’s Movement” te anbake nan yon toune ki rele “Milk Party” (Pati lèt), kote yo te òganize plizyè rasanbleman nan 17 kominote nan Florid, soti Pensacola rive nan Key West. Avèk plizyè santèn – e pafwa plis pase mil – moun ki rasanble nan chak evènman, 15 000 Floridyen rive reyini pou pran kòz timoun yo. Jounal ak televizyon ansanm ak radyo nan tout Eta a te konsakre plis pase 100 atik, editoryal ak istwa pou “The Children’s Movement”.
Kounye a, ak yon baz sipòtè ki gen plis pase 300 000 moun epi ki gen anpil moun ki gen anpil volonte pou chanje sa ki priyorite nan Eta nou an, “The Children’s Movement” kontinye fè motivasyon ak mobilizasyon epi li kontinye grandi. Komite pilotaj pou zòn nan konsakre travay yo ak enèji yo nan 17 vil an Florid.
Ak gran save nan politik piblik k ap gide nou, “The Children’s Movement” gen yon ajanda lejislatif pou 2012 k ap chèche repons pou senk premye gwo pwoblèm ki santral pou nou yo: Ranfòsman wo nivo konpetans paran yo, sipèvizyon wo kalite, egzamen ak tretman pou timoun ki gen bezwen espesyal, amelyore pwogram volontè gadri an Florid ak asirans maladi pou tout timoun. Yon mouvman se pa yon misyon pou nenpòt sesyon lejislatif, men se yon pwogram dirab, solid. Pou w kab jwenn plis ranseyman sou “The Children’s Movement of Florida”, ale sou sit www.childrensmovementflorida.org.
Tanpri klike la a pou w ka gade yon videyo ki dire 4 minit 15 segonn.
Men lòt kesyon ki santre an premye sou Miami-Dade County pa nou an:
- Bon kalite gadri timoun pou tout moun: Lè nou te koumanse jefò sa a, te gen 17 gadri timoun ki akredite nan Miami-Dade (Yon gadri ki akredite fè paran ak kliyan yo konnen se yon gadri yo rekonèt ki gen bon kalite sèvis ak bon jan anviwònman pou devlopman timoun.) Jodi a gen plis pase 400 gadri ki akredite nan kominote sa a. Sa reprezante pi gwo kantite ogmantasyon gadri ki akredite atravè tout peyi a. Gadri bon jan kalite, ki pèmèt timoun devlope sèvo yo kapab lakòz plis timoun reyisi.
- Bon kalite esperyans preskolè ki disponib, san li pa obligatwa, pou tout timoun 4 an ki nan Eta Florid la. Avèk motivasyon majistra Miami-Dade nan epòk sa a, Majistra Alex Penelas ansanm ak Dave Lawrence, elektè nan Eta Florid te vote yon amannman konstitisyon an, an 2002, ki te pèmèt sa fèt; kit se nan sant piblik oswa nan sant prive. Sa te koumanse nan ane eskolè 2005 lan. Se sèlman de lòt Eta: Eta Georgia ak Eta Oklahoma ki mete pwogram sa a adispozisyon tout moun nèt kounye a. Vèsyon pa Florid la gen yon bon valè wout pou l fè ankò, anvan pou l rive nan nivo estanda “wo kalite” Konstitisyon an mande a.
- Bon kalite devlopman kapasite paran. Nou kwè “preparasyon timoun pou lekòl” pa kapab fèt san nou pa asosye nou avèk paran yo ak tout respè. Nou parèt ak yon plan estratejik ki pèmèt nou fòme “Family Learning Partnership” (PATENARYA APRANTISAJ FANMI), ki travay sou 3 domèn pou kesyon enstwi fanmi: (1) Wòl paran yo kòm pwofesè, (2) kapasite pou timoun yo kapab li bonè, (3) alfabetizasyon pou granmoun.
- Nou kwè, nan yon sosyete kote moun gen onètete ak sajès, se dwa chak timoun pou yo viv “nan kay kote yo okipe afè sante yo", sa vle di: bon kalite swen medikal pou chak timoun, chak fanmi. Nan Miami-Dade, gen 50 000 timoun ant laj 0 mwa ak 5 an ki pa gen asirans maladi.
- "Vizit lakay." Lè nou gade 50 lane ann aryè nan peyi a, gen anpil prèv ki montre bon jan valè pwofesyonèl wo nivo (swa yon mis, yon travayè sosyal) oswa parapwofesyonèl ki ale vizite moun ki pral gen pitit. Yo swiv moun sa yo nan lopital epitou pandan plizyè lane nan koumansman lavi timoun nan. Rechèch la montre klè bagay sa a bay pi bon rezilta pou manman an ak pitit la ansanm; sa pèmèt tou gen plis ane ki pase anvan lòt timoun fèt.
- Bon jan pwogrè mande pou gen rezilta ki klè moun kapab mezire. Nan Miami-Dade, nou evalye kapasite plizyè milye timoun 3 an 4 an, kote nou mezire kapasite yo pou yo aprann, devlopman sosyal ak devlopman emosyonèl yo nan kòmansman epi nan fen “ane eskolè” a – nou fè evalyasyon an mache ak jefò pou nou bouche twou vid yo. Rechèch la fè nou konprann plis ou dekouvri pwoblèm yo pi bonè, ou gen pi bon chans pou bouche twou vid yo.
Ba yo plis konesans/renmen yo plis:
Pwogram “Teach More/Love More” (Ba yo plis konesans/renmen yo plis) se yon kanpay enfòmasyon pou piblik la, pami tout lòt bagay. Li resevwa finansman nan men “The Early Childhood Initiative Foundation” ak pwogram “United Way Success By 6”. Kanpay la pa sèlman avèti paran yo sou konsekans ki genyen lè yo pa prepare timoun nou yo-- tout timoun nou yo-- pou lekòl ak reyisit nan lavi a, men tou kanpay la ofri yo kèk solisyon pou leve defi tout paran gen devan yo.
An 2001, nou te lanse yon gwo kanpay ki dire plizyè lane pou enfòme piblik la sou sijè sa a. Kanpay sa a te plis konsantre sou paran ak moun k ap bay timoun swen. Moun sa yo te kapab rele -- ann angle, an panyòl oswa an kreyòl -- nenpòt lè lajounen oswa lannuit pou mande enfòmasyon tankou: “Pitit mwen an fè 2 a 3 èdtan ap kriye, ki sa pou m ta fè?" oswa "Kouman pou m jwenn bon jan gadri ki pa depase mwayen mwen pou pitit mwen?"
Nou te asosye nou avèk 13 lopital ki gen matènite, 19 sant matènite, ak 49 bibliyotèk kominotè. Jodi a, chak nouvo manman nan kominote nou an resevwa egzanplè yon bilten ki parèt 11 fwa pa ane sou devlopman kapasite paran... enfòmasyon sou fason pou mete timoun nan sou yon asirans sante... yon bon liv pou tibebe ki gen yon mesaj sou enpòtans pou paran fè lekti pou timoun yo depi pandan premye mwa nan lavi yo, yon kat bibliyotèk pwovizwa manman an ka al chanje pou yon kat pèmanan, ansanm ak yon kat bis ale retou pou l ka ale nan bibliyotèk ki pi pre lakay li a. Tout bagay sa yo gratis epi yo ann angle, an panyòl ak an kreyòl. (Plizyè santèn mil paran enskri pou resevwa bilten sou devlopman kapasite paran an.)
Nou te pibliye yon Gid resous pou timoun, ki mache ak pake lopital nou genyen pou nouvo paran yo. Epitou nou te sipèvize pwodiksyon yon pwogram televizyon inèdtan sou difikilte lavi timoun piti. Pwogram sa a, se òganizasyon “The Early Childhood Initiative Foundation” ak estasyon televizyon WLRN-TV ki te fè l. Pwogram nan chita ki santre plis sou fanmi nan sid Florid la te sèvi ak espètiz Doktè Roni Leiderman ki soti nan Sant Familyal nan inivèsite “Nova Southeastern University” ansanm ak Doktè T. Berry Brazelton, doktè tibebe ki gen anpil renome.
Yon liv gratis pou chak tibebe ki fèk fèt:
Nan ane 2005 lan, twa òganizasyon: Lig anti difamasyon, (Anti-Defamation League – ADL), Fondasyon inisyativ pou timoun piti, (The Early Childhood Initiative Foundation) ak Patenarya nan Miami-Dade pou aprantisaj fanmi (Miami-Dade Family Learning Partnership) te parèt ak yon liv enpòtan sou edikasyon timoun piti; liv la gen yon kourikoulòm ki chita sou diferans kiltirèl; yo rele liv la "All Kinds of... Todo Tipo De... Tout Kalite..." Yo distribiye liv la gratis bay chak nouvo paran nan kominote a nan tout sant akouchman ak tout lopital ki fè akouchman. Liv la fèt pou sèvi kòm yon premye liv tibebe, k ap ankouraje paran pou yo li ak pitit yo depi byen bonè nan premye mwa yo. Epitou liv la ap ede fanmi yo aprann rekonèt diferans ak resanblans moun genyen antre yo, ede yo respekte diferans ak resanblans sa yo.
Yo pibliye liv "Tout kalite..." a ann angle, an panyòl ak an kreyòl ayisyen. Liv sa a ki fèt ak po di. Yo parèt ak liv la pou paran ak moun k ap pran swen timoun kapab sèvi avè l pou timoun piti yo genyen yo, pou ede yo: (1) fè premye pa nan aktivite lekti ak ekriti pandan yo tou piti, epi (2) mete yo alèz nan afè diferans kiltirèl. Antan yon konpay an twa lang pou gide nou nan kèk aktivite, liv -- All Kinds Of...Activity Guide/Curriculum Framework, Todo Tipo de...Guia de Actividades, Tout Kalite...Liv egzèsis edikatif/Chapant yon kourikoulòm – parèt ni sou sit ADL la (www.adl.org) ni sou sit òganizasyon “Teach More/Love More” (Ba yo plis konesans, renmen yo plis). Pou n monte sou sit sa ale nan www.teachmorelovemore.org. Sit sa a prezante yon aktivite lekti ki pou fèt a de ant paran an ak pitit li, epi tou li pote kèk aktivite kòm suivi pou ankouraje dekouvèt timoun piti ka fè sou bagay ki nan antouraj nou, nan fouye fon.
“Ready Schools Miami”:
 |
Pwogram “Ready Schools Miami” an, se te yon kolaborasyon enpòtan o nivo nasyonal, ki kreye yon chèn aprann ak byennèt timoun depi jou yo fèt rive nan klas lekòl primè, nan Miami-Dade. Pami patnè enpòtan pwojè sa a, nou jwenn The Early Childhood Initiative Foundation, Lastinger Center for Learning ki nan University of Florida, Miami-Dade Public Schools, The Children’s Trust, Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe, United Way, Head Start, University of Miami ak Florida International University. Prensipal kote ki finanse pwogram “Ready Schools Miami” an se te W.K. Kellogg Foundation.
Vrè chanjman kalite ak chanjman nan sistèm nan vle di se pa timoun ase, paran yo ak kominote yo k ap byen pare pou ede tout timoun reyisi lekòl ak nan lavi yo, men “lekòl ki tou pare” tou. Travay pwojè sa a te fè, se te (1) amelyore kesyon kalite a nan tout nivo, (2) tabli rapò kolaborasyon ant lekòl piblik yo ak kominote k ap travay pou swen ak edikasyon timoun piti, (3) travay pou gen bon amoni ant pwogram etid ak devlopman pwofesyonèl depi anvan timoun nan fèt rive nan klas lekòl primè epitou (4) fè paran yo bay patisipasyon pa yo nan edikasyon pitit yo.
Nan premye ane lavi timoun yo, pwogram “Ready Schools” travay ansanm ak pwogram “Quality Counts” ki yon sistèm amelyorasyon pou evalye nivo kalite sèvis gadri ki vle patisipe. “Quality Counts” ap bay èd pwofesyonèl nan afè devlopman pou plizyè santèn gadri. Pou pwogram “Head Start” menm, tout 85 sant Head Start nan Miami-Dade yo patisipe ladan. Nan sistèm lekòl piblik la, tout 230 lekòl primè yo patisipe nan pwogram “Ready Schools Miami”.
Pami premye pati ki fòme pwogram “Ready Schools” la o nivo nasyonal, te gen yon pwogram diplòm metriz ki baze
 |
sou travay. Se yon metriz Lastinger Center for Learning ofri nan University of Florida epi metriz la disponib pou pwofesè lekòl prime ansanm ak espesyalis swen ak edikasyon timoun piti ki nan pwogram “Quality Counts” lan. Pwogram metriz la dire 2 an edmi epi li gen yon pati nan entènèt ak yon pati sou kanpis. Se “Ready Schools” ki peye tout etid la. Pwofesè ki antre nan pwogram nan dwe konsakre senk an pou sistèm Miami-Dade la, kote pwofesè yo asepte pou yo rete anseye nan lekòl kote yo anplwaye a, sof si distrik la bezwen yo nan yon lòt lekòl ki gen pwoblèm. Patisipan k ap travay ak kòlèg ki nan pwòp lekòl pa yo gen tout opòtinite pou yo diskite sou ki fason pou yo rezoud pwoblèm aprann epi aplike “pi bon pratik” yo. Nan pwofesyon sa a ki gen tout chanjman anplwaye sa yo – ki vle di mwatye pwofesè kite pwofesyon an apre yon senk an kon sa – apwòch sa a kenbe pwofesè premye klas yo epi li ba yo zouti ak lanbisyon pou yo kontinye fè yon diferans nan lavi etidyan yo.
Fon pou timoun yo (The Children's Trust):
 |
Nan fen ane 80 yo, yon gwoup moun devwe ki t ap reflechi te rive reyalize timoun Miami-Dade genyen bezwen ki depase sistèm resous ak sipò ki disponib yo nèt ale. Moun sa yo te alatèt yon kanpay pou rezoud pwoblèm nan. Gwoup la pwofite lwa Eta Florida ki pèmèt moun mennen mouvman kon sa pou yo parèt ak yon referandòm an de pati nan lane 1988. Yon gran majorite elektè yo te rekonèt nesesite pou ede timoun zòn nan, men yo pa t asepte lide pou taks sou kay yo monte pou sa fèt.
David Lawrence Jr. ki editè retrete Miami Herald, te vin alatèt yon mouvman tou nèf plis pase diz an apre sa. Gras a dezyèm opòtinite sa a, ansanm ak yon kanpay ki te jwenn yon finansman konplè, elektè Miami-Dade te vote an septanm 2002 kote yo apwouve yon distrik espesyal endepandan, yon sous finansman ki konsakre pou timoun, ki rele "The Children's Trust" (Fon pou Timoun yo). Vòt la te 2 kont 1 an favè The Children’s Trust. Diferans kle ki te genyen ant kanpay 1988 la ak kanpay 2002 a, sèke kanpay 2002 a te plis konsantre sou tout timoun nan Miami-Dade, etan li rekonèt sèten timoun te plis an danje, kon sa yo bezwen plis èd. Gen yon kondisyon “fen manda” a ki te egzije pou mouvman sa a tounen nan senk an ankò pou elektè yo ka apwouve l yon lòt fwa.
Vòt sa a te fèt nan dat 26 out 2008. Malgre kriz ekonomik la k ap vin pi di, elektè nan Miami-Dade yo te al vote an grann kantite – 85.4 pou san – pou yo rebay The Children's Trust yon lòt otorizasyon pou l kontinye.
“The Children's Trust”, anplwaye li ansanm ak 33 manm konsèy administrasyon li, finanse pwogram ki ofri bon kalite sèvis ki santre sou mete metòd ki bay bon rezilta sou pye pou amelyore kondisyon lavi timoun yo ak fanmi yo.
Men sa “The Children's Trust” ap chèche pou l akonpli nan kolaborasyon ak patnè ki nan kominote a: Pou timoun ka viv an sante, ni sante fizik ni sante mantal; pou timoun jwenn bon jan sipò ak sekirite nan fanmi yo ak nan kominote yo; pou timoun pare pou yo ka antre lekòl epi reyisi lekòl ak nan sosyete a.
Akoz pri pwopriyete ki bese, ki vin lakòz tout revni bese, bidjè “The Children's Trust” vin desann nan dènye ane ki sot pase la yo. Bidjè a desann a 100 milyon dola, men kalite pwogram “The Children's Trust” finanse vin ogmante ansanm ak rezilta yo bay. Revni yo chita sou yon taks demi dizyèm santim sou pwopriyete (se maksimòm referandòm elektè yo te akòde a). Si yon moun rete Miami-Dade County epi li gen yon kay yo evalye pri kay la kò yon pri mwayèn pou kesyon taks, mwens franchiz yo rele Homestead Exemption nan, li peye mwens pase 40 dola pou ane a.
Si w bezwen plis enfomasyon sou The Children’s Trust ak pwogram li yo, ale sou sit www.thechildrenstrust.org oswa rele nan 305- 571-5700.
The Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe:
Kowalisyon ki rele “Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe” se yon òganizasyon ki p ap chèche pwofi epi ki konsakre l nan garanti swen ak edikasyon timoun piti ki nan depatman jewografi Miami-Dade ak Monroe. Kowalizyon an sèvi plis pase 50 000 timoun soti nan jou yo fèt la rive laj 12 an, ansanm ak fanmi yo atravè divès pwogram kreyatif edikasyon timoun piti ak pwogram lekòl volontè anvan kindègadenn.
Se Biwo Edikasyon timoun piti (Office of Early Learning), ki depann de biwo gouvènè a, ki te kreye kowalisyon “Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe” nan lane 2000, epi ki te kontwole li. Òganizasyon sa a fè pati 32 òganizasyon menm jan an ki kreye apati lwa ki rele “School Readiness Act” la ki ranfòse tout sèvis edikasyon timoun piti Eta Florid genyen pou fè yo tounen yon sèl gran pwogram pou tout sèvis yo. Kowalisyon an reskonsab pwogram, Voluntary Prekindergarten (VPK), pwogram apre lekòl, ak Quality Counts ki sistèm amelyorasyon 5 etwal ki jwenn finansman The Children’s Trust epi ki pase men nan pwogram edikasyon timoun piti yo, ki evalye pwogram sa yo, dapre bon jan estanda pou ekselans ki klè. Lè n amelyore kalite swen ak edikasyon pou timoun depi nan bonè, sa ogmante chans pou timoun sa yo byen reyisi lekòl ak nan lavi a.
Si w bezwen plis enfomasyon sou “Early Learning Coalition of Miami-Dade/Monroe”, ou kab rele nan nimewo 305-646-7220 oubyen ale sou sit www.elcmdm.org.
Etid y ap eseye nan tout peyi a o non timoun ki ka gen difikilte aprann:
Nan peyi sa a – ak nan kominote sa a – sou chak sis timoun gen omwen yon timoun ki fè pati gwo kategori timoun ki gen “bezwen espesyal”. Petèt yon ka nan timoun sa yo ka gen “difikilte aprann”; yo rele difikilte sa a pwoblèm newolojik ki aji sou kapasite sèvo a genyen pou li resevwa enfòmasyon, trete enfòmasyon, sere enfòmasyon epi reyaji anfas enfòmasyon li resevwa. Se Sant nasyonal pou etidye difikilte aprantisaj (ann angle “National Center for Learning Disabilities”) ki parèt ak non sa a ki valab pou anpil pwoblèm, epi non sa a dekri difikilte yon moun ki gen omwen yon entèlijans mwayèn ka genyen pou li devlope ladrès pou l aprann lekòl. Difikilte sa yo sanble pa gen anyen ki ka esplike yo. Ladrès moun yo bezwen yo nesesè pou moun reyisi ni lekòl ni nan travay epi pou yo ka debouye yo nan lavi a, an jeneral.
Pi fò timoun ki gen “difikilte aprann” yo, nou rive idantifye yo lè yo gen 8 an 9 an. Imajine si nou te ka rive idantifye timoun ki ka vin gen difikilte aprann yo pi bonè pase sa, tankou lè yo gen 4 an. Imajine ki jan yo ta gen tan rive pi lwen lè yo gen 8 an, 9 an si nou ba yo èd yo bezwen an anvan yo antre nan jaden danfan epi pandan plizyè ane anvan yo vin gen 8 an 9 an. Imajine kouman yo ta gen pi plis chans pou yo reyisi lekòl ak nan lavi a.
Se nan sans sa a, fondasyon Early Childhood Initiative resevwa yon sibvansyon nan men fondasyon Emily Hall Tremaine ki Connecticut. Sa vin pèmèt li fè yon etid pilòt ki te fèt avèk yon Enstiti tout peyi a rekonèt. Se Frank Porter Graham Child Development Institute ki nan University of North Carolina. Apwòch yo sèvi nan etid sa a se yon apwòch ki rele Rekonesans ak Repons, ki plis chita sou fason pou idantifye timoun ki gen difikilte aprann, depi byen bonè. Li chita tou sou ki kalte fòmasyon wo nivo ak ki mwayen y ap chwazi pou kontwole pwoblèm sa a lakay timoun ki ant 3 an ak 5 an.
United Way Center for Excellence in Early Education:
 |
United Way nan Miami-Dade se yon kolaboratè enpòtan nan travay tèt ansanm k ap fèt toupatou nan kominote a pou bon jan devlòpman, swen ak edikasyon timoun piti. Sa ki poto mitan efò sa yo, se Sant pou Ekselans nan bon jan edikasyon timoun piti, ki te louvri an 2006, nan katye jeneral United Way, nan adrès 3250 SW Third Ave, Miyami. Pwojè sa a ki koute 30 milyon dola nou rive ranmase an prive, pral sèvi tankou yon sant resous nasyonal “pi bon aplikasyon” pou edikatè, pwofesyonèl nan swen timoun ak paran yo – egal tout moun ki konsakre yo nan fè edikasyon timoun piti rive nan pi wo degre.
Pati redchose sant la ap gen yon lekòl demonstrasyon pou 120 timoun ki gen laj 6 semenn rive 5 an. Premye etaj la va yon sant pou rechèch ak fòmasyon, epi li va ofri nouvo mwayen pou rive sèvi kominote a, li va ofri rechèch, edikasyon ak pwogram fòmasyon pou paran, pwofesè, biznis nan zòn nan, pwofesyonèl gadri, moun k ap fè rechèch ak lòt moun nan kominote a ki konsakre yo pou fè bon kalite edikasyon pou timoun piti vanse pou pi devan. Sa vle di:
- Yon sant fòmasyon kote pwofesyonèl swen timoun ka amelyore kapasite yo.
- Yon sant rechèch kote nou ka demontre nouvo pwogram etid pou timoun piti epi nou ka teste pwogram sa yo.
- Yon sant fòmasyon pou ede biznis ak lòt enstitisyon ofri anplwaye yo avantaj sèvis swen ak edikasyon bon kalite pou timoun piti.
- Yon sant resous kote paran yo ka aprann pi bon modèl nan domèn levasyon timoun ak edikasyon pou timoun piti.
- Lekòl demonstrasyon an kote timoun gen tout chans yo pou yo pare epi pou yo gen gou pou ale lekòl epi pou fonsyone nan lavi yo. Yon komite konsiltatif nasyonal ki gen 39 manm va sèvi kòm gid epi yo va bay konsèy espesyalman sou pwogram etid, sou rechèch ak fòmasyon epi yo va idantifye chans pou gen patenarya dekwa pou yo ka ogmante enfliyans sant sa a nan kesyon edikasyon timoun piti o nivo nasyonal
Si nou bezwen plis enfòmasyon, kontakte Gladys Montes, direktris Sant pou bon jan Edikasyon timoun piti (Center for Excellence in Early Education), nan nimewo 305-631-7632, oswa nan imèl: montesg@unitedwaymiami.org; oubyen tou ale sou sit http://unitedwaycenterforexcellence.org/.
The Miami-Dade Family Learning Partnership:
Miami-Dade Family Learning Partnership se yon òganizasyon 501(c)(3) ki tabli depi an 2002, epi ki konsakre travay li pou fanmi ak timoun yo. Òganizasyon Family Learning Partnership gen kolaborasyon ak ajans ansanm ak enstitisyon ki travay pou amelyore byennèt timoun ak fanmi,epi li plis konsantre nan devlope ladrès lakay paran ak kapasite lekti ak ekriti depi nan bonè. Pwogram nan sèvi kòm lidè kowalisyon pou lekti ak ekriti nan depatman jewografi Miami-Dade, epi li sèvi plis pase 40 000 timoun ak fanmi yo. Sèvis yo ofri yo pase pa klinik pedyatri, lekòl, sant gadri, bibliyotèk, kay pou moun ki sanzabri ak ajans kominotè. Pami pwojè “Miami-Dade Family Learning Partnership” ki bay bon rezilta, nou jwenn: Reach Out and Read Miami, se yon pwojè, The Children’s Trust te chwazi an 2007 pou resevwa Pri Ekselans nan pwogramasyon prepare timoun depi nan bonè.
Men kèk pwojè Family Learning Partnership genyen:
- Lawyers for Literacy (avoka pou ede moun aprann li ak ekri): Se yon pwojè ki fèt an kolaborasyon. Se Jij Ursula Ungaro ki dirije li. Pwogram nan ofri edikasyon pou moun ka bon sitwayen epi debat ak lavi a. Li fèt pou adolesan ak jenn moun nan Miami-Dade ki pa gen mwayen. Pwogram nan fè rekritman plis pase 200 volontè ki soti nan pi gwo konpayi legal ki gen nan Miami, tankou Greenberg Traurig, Boies, Schiller & Flexner, Holland & Knight ak White and Case, ansanm ak biwo avoka ak defansè piblik nan asosiyasyon “the Bankruptcy Bar Association of the Southern District of Florida”. Pwogram sa a te resevwa Pri R. Ray Goode 2007, nan men pi gran Chanm komès Miami (Greater Miami Chamber of Commerce) epitou li te vin rekoni atravè “Florida Bar Journal”, “Miami Herald” asanm ak “Department of Juvenile Justice”.
- All Aboard for Family Fun (Tout moun, anbake pou yon amizman an fanmi) : Se yon pwogram aktivite ki baze sou entènèt, ki entè-aktif, epi ki fèt dapre devlopman timoun pou fanmi kapab jwenn aktivite jwèt, atizana, mizik, kuizin, ak lekti ak ekriti. Chak mwa, paran ak moun k ap bay timoun swen kapab jwenn konsèy sou wòl paran yo, atik sou devlòpman timoun ak plizyè santèn aktivite tou nèf ki mache ak laj timoun yo. Tout sa disponib atravè sit entènèt teachmorelovemore.org.
Pou jwenn pi plis enfòmasyon, ale sou sit www.teachmorelovemore.org/Partnership.asp oswa rele chèf egzekitif la, Lisa Blair, nan nimewo 305-891-7323.
Men ekip nou an
David Lawrence Jr.
Prezidan
(305) 646-7229
Imèl: dlawrence@childreadiness.org
Ana Sejeck
Administratris Jeneral
(305) 646-7231
Imèl: asejeck@childreadiness.org
Ana de Aguiar Echevarria
Direktè pwojè Anseye yo plis/Renmen yo plis
(305) 646-7230
Imèl: adeaguiar@childreadiness.org
Andres Rivera
Sekretè
(305) 646-7264
Imèl: arivera@childreadiness.org
Vance Aloupis
Direktè The Children’s Movement of Florida pou tout Eta a
(305) 646-7134
Imèl: vance.aloupis@childrensmovementflorida.org
Michelle Cash
Direktè entènèt ak kominikasyon /The Children’s Movement of Florida
(305) 646-7138
Imèl: michelle.cash@childrensmovementflorida.org
|